CHAPIT 9

⇐ CHAPIT ANVAN  |  
PWOCHEN CHAPIT ⇒


  1. Entwodiksyon

    Gen kèk lòd yo kapab fè apèl kont yo anvan jijman final la, epi yon moun pa toujou gen pou ret tann yon lòd final oswa pou zafè fini pou fè apèl. Sètadi, nan sèten sitiyasyon, apèl kont lòd “ki pa final” gendwa otorize. Kalite lòd ki pa final ou ka fè apèl kont yo imedyatman depann sou kalite zafè a ak kalite lòd la. Lòd ki pa final ou ka fè apèl kont yo limite nan sa ki mansyone epi ki dekri nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.130. Yo gen ladan lòd ki:

    1. konsènen anplasman (sètadi, konte a oswa anplasman pwosè a);
    2. akòde, kontinye, modifye, refize, oubyen anile enjonksyon, oubyen ki refize pou modifye oswa anile enjonksyon;
    3. detèmine jiridiksyon moun nan (sètadi, si tribinal la gen otorite sou pati yo);
    4. ki deklare dwa pou pran posesyon yon pwopriyete tousuit;
    5. detèmine, nan zafè ki gen lalwa fanmi:
      1. dwa pou soulajman monetè tousuit,
      2. dwa oswa devwa konsènan lagad timoun oswa pataje tan nan yon plan paran, oswa
      3. ki yon kontra maryaj ki pa valab annantye;
    6. detèmine si yon pati gen dwa pou abitraj, oswa yon evalyasyon dapre yon kontra asirans;
    7. deklare ke, dapre lalwa, yon pati pa gen dwa gen iminite kont konpansasyon pou aksidan ak maladi travay;
    8. detèmine si wi ou pou pa sètifye yon klas (sètadi, tankou nan yon pwosè aksyon kolektif);
    9. deklare ke, dapre lalwa, yon pati pa kalifye pou iminite absoli oubyen iminite relatif nan yon reklamasyon sivil, ki fèt dapre lwa gouvènman federal la;
    10. detèmine ke yon antite gouvènmantal pran aksyon ki te akable nan fason depase limit pwopriyete reyèl dapre Lwa Pwoteksyon Dwa Pwopriyete Bert Harris, ke ou jwenn nan seksyon 70.001, Lwa Florid;
    11. detèmine pwoblèm forum non conveniens (fowòm oswa anplasman ki pa konvnab pou pwosè a);
    12. detèmine, dapre lalwa, si yon pati gen dwa pou iminite souvren; oubyen
    13. aksepte oubyen refize yon pèseptè yo nonmen, oubyen pou revoke oswa refize revoke yon pèseptè yo nonmen.

    Anjeneral, yon tribinal distri pou apèl pa gen jiridiksyon, epi pa kapab revize, okenn lòd ki pa final ki pa mansyone nan règ 9.130. Ou dwe remake ke lòd ki deside sou mosyon ki sispann pwononse yon desizyon final, yo pa ka fè revizyon sou yo apa de yon revizyon lòd final la, akondisyon lòd yo akòde mosyon pou nouvo jijman nan zafè ak jiri ak san-jiri ka pa ka sibi revizyon ak yon menm metòd pou apèl final la.

  2. Tan pou fè demann apèl yon Lòd ki pa final.

    Si yon pati vle depoze yon notifikasyon pou apèl kont yon desizyon ki pa final nan biwo grefye tribinal ki pi ba a, li dwe fè sa anvan 30 jou pase apre dat yo te bay desizyon ki pa final la, sa ki vle di, dat desizyon an te siyen epi depoze nan biwo grefye tribinal ki pi ba a. Kontrèman ak yon mosyon pou nouvo odyans pou yon lòd final, yon mosyon pou nouvo odyans pou yon lòd ki pa final p ap sispann, oswa “pwolonje,” delè 30-jou-pou-apèl la. Notifikasyon pou apèl kont desizyon ki pa final la toujou dwe depoze anvan 30 jou pase apre dat yo bay desizyon an, menm si pati ki nan pwosè a mande jij la rekonsidere oswa retande desizyon y ap fè apèl kont li a.

    Gen kèk lòd ki pa final ke yo rann apre yo fin rann yon lòd final. Lòd ki pa final sa yo, ka sibi revizyon oswa yo fè apèl kont yo sèlman si yo koresponn ak youn nan kategori ki prevwa nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florida 9130, ki diskite pi wo a. Si yon lòd pa koresponn ak youn nan kategori sa yo, anjeneral yon pati dwe rete tann yon desizyon final pita ki fini zafè a oswa pwosedi a pou li fè apèl. Menmsi yon pati pa ka fè apèl kont yon lòd ki pa final touswit, pati a ka toujou mande tribinal apèl la pou revize nenpòt lòd ki pa final la nan yon apèl kont lòd oswa jijman final la pita.

    Anplisdesa, si yon pati pa kapab fè apèl tousuit kont yon desizyon ki pa final, gen lòt mwayen li ka eseye pou mande yon tribinal apèl fè yon revizyon sou desizyon an, anvan yo bay yon jijman final. Pou yon pati mande tribinal apèl la pase yon desizyon nan revizyon, li dwe depoze yon demann òdonans estrawòdinè. Gade Chapit 10, Òdonans Estrawòdinè.

    Nan kèk sikonstans, kote yon desizyon rann yon zafè final pou youn oswa plizyè pati, alòske zafè a ap kontinye kont kèk lòt nan pati yo. Si gen yon desizyon ki fèmen zafè a pou kèk nan pati yo, alòske zafè a ap kontinye toujou pou lòt pati, yon pati ka fè apèl kont desizyon an. Yon egzanp, se yon òdonans ki anile yon zafè avèk prejidis kont yon pati, men pa kont lòt pati yo. Yon desizyon konsa kapab yon jijman final pou yon pati, men pa pou lòt pati yo. Yo konn rele sa yon jijman final pasyèl. Lè gen yon apèl ki fèt kont yon jijman final ki fèmen yon zafè kont yon pati, men kite zafè a kontinye kont lòt pati yo, se toujou yon apèl kont yon jijman final, non pa yon apèl kont yon desizyon ki pa final. Gen eksplikasyon sou apèl kont jijman final yo, nan Chapit 8, Pwosedi Apèl ak Apèl Final yo.

    Yon lòt fwa ankò, si yon pati pa fè apèl, anvan jijman final la rann, kont yon desizyon ki pa final, ki nan lis desizyon yo ka fè apèl kont yo nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.130 lan, pati sa a pa pèdi dwa pou l fè apèl apre jijman final la. Pati a ka jwen toujou revizyon inisyal pou desizyon ki pa final sa a, lè l ap fè apèl kont desizyon final oubyen jijman final nan zafè a. Men sèlman, si desizyon an rann zafè a final pou youn oswa plizyè nan pati yo, pati ki vle fè apèl kont desizyon sa a dwe fè apèl kont pati sa yo tousuit, osinon l ap pèdi dwa pou l fè apèl kont pati sa yo pita. Sa vle di, si se yon lòd ki pa final, li kapab konteste nan yon apèl kont jijman final la. Men, si li yon desizyon final, yo dwe fè apèl kont li nan lespas 30 jou.

    Yon pati kapab fè apèl kont plizyè desizyon ki pa final yon sèl kou, si tout apèl l ap fè yo depoze anvan 30 jou pase, apre dat yo te rann chak desizyon sa yo. Sa vle di, plizyè desizyon ki pa final kapab pase nan revizyon dapre yon sèl notifikasyon pou apèl, si notifikasyon sa a te depoze alè pou chak nan desizyon ki pa final sa yo.

  3. Kikote pou Depoze yon Apèl, epi Kouman yon Notifikasyon pou apèl fèt?

    Notifikasyon pou apèl pou yon lòd ki pa final depoze menm jan tankou nan apèl final yo. Gade Chapit 8, “Pwosesis Apèl ak Apèl Final” la; Chapit 3 “Rasanble Dosye pou yon Apèl”. Nan pifò ka, yon pati dwe depoze notifikasyon pou apèl la, epi peye pou depoze papye yo, nan biwo grefye tribinal ki pi ba a, anvan 30 jou pase apre yo rann desizyon pati a vle fè apèl kont li a. Yo dwe fè konnen se yon notifikasyon pou apèl kont yon desizyon ki pa final.

    Gen yon egzanp fòma jeneral pou yon notifikasyon pou apèl ki nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.900 (fòm yo). Yon notifikasyon pou apèl nan yon zafè sivil ta sanble ak sa a:

    NAN TRIBINAL GRAN ENSTANS NAN 13YÈM AWONDISMAN JIDISYÈ POU KONTE HILLSBOROUGH, FLORIDA

     

    Nimewo Dosye.____________

    Msye Smith, Akize/Pati ki fè apèl la

    kont

    Madmwazèl Jones, Pleyan/Pati yo fè apèl kont li an

     

    NOTIFIKASYON POU APÈL

     

    Avèk dokiman sa, li anonse ke Akize/Moun ki fè apèl la, Msye Smith, fè apèl nan Dezyèm Tribinal Distri Apèl kont lòd tribinal sa a te rann le 2 novanm 2015. Nati lòd la se yon lòd ki pa final ki ka sibi revizyon dapre Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.130 (endike souseksyon an). [Tache yon kopi lòd y ap fè apèl kont li a, pou chak Règ 9.130(c)].

     

    ________________________

    Msye John Smith

    [adrès, adrès imèl, ak nimewo telefòn]

     

    Notifikasyon pou apèl la dwe gen ladan tou yon sètifika livrezon, ki ta ka parèt tankou sa a:

    SÈTIFIKA LIVREZON

     

    Avèk dokiman sa mwen sètifye ke yon kopi vrè ak kòrèk dokiman ki pi wo a te transmèt bay _____________ (non pati opoze a), nan (adrès, vil, Eta, kòd postal, ak/oswa adrès imèl), pa (imèl) (livrezon) (lapòs) le ___________ (dat).

     

    Msye John Smith
    222 N.W. 2nd Street
    Vil, Eta 11111
    Telefòn: (234) 567-8901

     

    Pa: ___________________

    Msye John Smith

     

    Remake byen si se akize a ki moun ki fè apèl la, se non akize a ki mansyone anpremye nan non zafè a, oswa “lejann,” notifikasyon pou apèl la (olye pou se non pleyan an). Dwe genyen yon kopi konfòm desizyon (yo) ki nonmen nan notifikasyon pou apèl la, ki agrafe nan notifikasyon an.

  4. Fason Prensipal Ki Fè Yon Apèl Ki Pa Final Diferan Ak Yon Apèl Final.

    Pandan apèl ki pa final la annatant, pwosedi tribinal ki pi ba pral kontinye avanse. Sa vle di, sòf si gen yon lòd pou rete tann, tribinal ki pi ba a mèt kontinye travay sou zafè a, ak pran tout desizyon li bezwen; li gen dwa menm fè jijman oswa odyans final. Sèl bagay tribinal ki pi ba a pa ka fè pandan apèl la annatant se rann yon desizyon final ki deside zafè a. Si rezon apèl la se yon kesyon konpetans oswa kote yon jijman ap fèt, anjeneral tribinal ki pi ba a apwouve yon mosyon pou rete tann, men mosyon pou rete tann yo dwe depoze san pèdi tan. Gade Chapit 11, Lòd Pou Rete Tann Annatandan Apèl.

    Gen lòt rezon prensipal ki fè yon apèl kont yon desizyon ki pa final, nan yon pwosedi sivil, pa menm ak yon apèl apre jijman final la. Premyèman, ekspoze inisyal pati k ap fè apèl la dwe remèt nan yon delè 15 jou apre depo notifikasyon pou apèl la, olye 70 jou. (Men, tan pou ekspoze repons moun yo fè apèl kont li a ak ekspoze refitasyon pati k ap fè apèl la rete menm jan ak nan yon apèl final). Dezyèmman, nan yon apèl ki pa final, sa ki pa menm ak yon apèl kont lòd oswa jijman final yo, sèke grefye tribinal ki pi ba a pa gen pou l pare yon dosye pou apèl, pou voye bay tribinal apèl la. Alaplas, pati k ap fè apèl la nan yon apèl ki pa final prepare yon “anèks” ki gen dokiman enpòtan ke tribinal apèl la bezwen pou deside sou apèl ki pa final la. Yo depoze anèks la nan tribinal la remèt yon kopi bay lòt pati yo nan menm moman ak ekspoze inisyal la. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.220.

    Anèks la nan yon apèl ki pa final dwe gen ladan lòd ke pati k ap fè apèl la vle tribinal apèl la revize a, ak akt pwosedi ki koresponn yo, mosyon, transkripsyon yo ak lòt dokiman sou dosye ke pati k ap fè apèl la bezwen pou konprann zafè a epi pou deside pwoblèm yo ki nan apèl la. Li dwe genyen ladan l tou yon endèks, oswa yon tabdèmatyè nan koumansman anèks la, pou ede tribinal apèl la jwenn eleman dirèk moun k ap fè apèl la vle tribinal la gade yo. Nòmalman anèks la apa ak ekspoze a epi ki gen pwòp paj kouvèti li ak sètifika livrezon li. Si tribinal apèl la jwenn anèks la pa konplè, li ka mande yon pati pou konplete anèks la ak pati ki manke nan dosye tribinal ki pi ba a ke pati ki fè yon apèl la deside ki bezwen revizyon apèl ki pa final la.

  5. Kesyon Espesyal pou Apèl ki pa Final nan Zafè Penal

    Nan zafè penal yo, an plis jijman final yo (sa ki vle di tou, atribisyon ak santans ki an sispan yo), anjeneral yon defandè gen dwa fè apèl tou kont desizyon ki rann apre jijman final la, oswa apre yo pwononse yon vèdik ki di moun lan koupab. Nan pami desizyon sa yo, genyen desizyon ki anile oswa chanje pwobasyon oswa kontwòl kominotè, oubyen toude, oswa desizyon ki refize redui santans nan yon pwosedi apre jijman, dapre Règ pou pwosedi penal nan Florid 3.800(a), 3.801, 3.850, 3.851, or 3.853. Gade tou Chapit 13, Apè pou Mosyon pou Ed Apre kondanasyon yo.

    Nan yon zafè penal, avoka leta a gen dwa fè apèl kont (1) desizyon anile yon akizasyon oswa yon enfòmasyon, oswa nenpòt pati ladan yo, oubyen desizyon anile yon afidavit ki akize yon moun pou yon enfraksyon penal, oswa pou vyolasyon pwobasyon, oswa pou vyolasyon kondisyon kontwòl kominotè, oswa vyolasyon nenpòt kondisyon libète sipèvize; (2) desizyon siprime konfesyon ki fèt anvan jijman, admisyon kilpabilite, oswa prèv yo te sezi nan pèkizisyon; (3) desizyon pou pèmèt yon nouvo jijman; (4) desizyon sispann yon jijman; (5) desizyon ki asepte yon mosyon pou jijman pou akite, apre yon jiri bay vèdik li; (6)desizyon anile yon akizasyon dapre Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 3.191 lan; (7) desizyon lage yon prizonye dapre prensip habeas corpus; (8) desizyon ki deklare yon akize enkonpetan oswa fou; (9) desizyon ki lage yon prizonye dapre Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 3.203 a; (10) desizyon sou yon kesyon legal si yon akize yo te kondane fè apèl kont kondanasyon an 3.801, 3.850, 3.851, oswa 3.853; (11) desizyon ki enpoze yon santans ki ilegal oubyen ki pa nan limit direktiv sou santans yo tabli a; (12) desizyon ki enpoze yon santans ki pa nan limit direktiv sou santans yo rekòmande a; (13) lòd ki enpoze yon santans ilegal oswa enpoze yon santans ki soti nan limit gid pou santans yo pèmèt; (14) lòd ki enpoze yon santans ki deyò seri ke gid pou santans yo rekòmande; (15) lòd ki refize restitisyon; ak (16) kote yo endike pa lalwa jeneral pou lòd final la. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.140(c). Jan sa prevwa nan lalwa anjeneral, Eta a gen dwa fè apèl devan tribinal gran enstans lan tou, kont desizyon ki pa final ki soti nan tribinal Konte a.

    Pwosedi apèl ki pa final nan zafè penal yo pa menm ak pwosedi apèl ki pa final nan zafè sivil yo. Notifikasyon pou apèl defandè kriminèl la dwe depoze bay grefye tribinal ki pi ba a, avèk kopi pou Avoka Eta a ak Pwokirè Jeneral la nan lespas 30 jou apre dat yo te rann lòd. Nan apèl pou zafè penal yo, grefye tribinal ki pi ba a gen pou l pare ak remèt dosye pou apèl la anvan 50 jou pase, apre yo depoze notifikasyon pou apèl la, epi ekspoze inisyal la dwe remèt anvan 30 jou pase apre livrezon dosye oswa deziyasyon avoka ki nonmen yo, selon sa ki pita a. Tout lòt ekspoze yo (ekspoze repons ak ekspoze refitasyon) dwe depoze dapre menm kalandriye ak nan apèl pou apèl sivil yo. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.140(b)(3), (f)(1), & (g).

    Lè gen yon refi somè (san odyans) pou yon petisyon pou chanje santans apre kondanasyon dapre Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 3.800(a), 3.801, 3.850, oswa 3.853, grefye tribinal ki pi ba a dwe voye bay tribinal apèl la mosyon an, desizyon an, tout mosyon yo prezante pou nouvo odyans, ak tout desizyon ki refize odyans lan, ansanm ak pyès jistifikatif ki mache ak nenpòt nan dokiman sa yo. Gen plis eksplikasyon sou dosye pou apèl nan zafè sa yo nan Chapit sou Rasanble Dosye pou yon Apèl. Moun k ap fè apèl la pa oblije remèt okenn ekspoze, men li gen dwa remèt yon ekspoze pa pita pase 15 jou apre li depoze notifikasyon pou apèl la. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.141.

  6. Kesyon Espesyal pou Apèl ki pa Final nan Zafè Delenkans Jivenil

    Nan zafè delenkans jivenil, avoka leta a gen dwa fè apèl kont: (1) desizyon ki rejte yon petisyon pou delenkans oubyen yon pati nan petisyon an, si desizyon an rann anvan koumansman yon odyans pou tabli responsabilite; (2) desizyon pou sipreme konfesyon, admisyon, oubyen prèv yo te sezi oubyen jwenn nan pèkizisyon anvan odyans pou tabli responsabilite a; (3) desizyon pou otorize yon nouvo odyans pou tabli responsabilite; (4) desizyon ki sispann yon jijman; (5) desizyon ki lage yon delenkan jivenil dapre Règ pou pwosedi jivenil nan Florid 8.090 an;(6)desizyon sou yon kesyon lwa si yon minè fè apèl kont yon desizyon sou yon dispozisyon; (7) desizyon ki lakòz yon dispozisyon ilegal; (8) desizyon ki lage yon minè dapre prensip habeas corpus la; epi (9) desizyon ki deklare yon minè enkonpetan dapre Règ pou pwosedi jivenil nan Florid yo. Yon minè, paran, responsab legal, oswa moun yo bay okipe yon timoun gen dwa fè apèl kont (1) yon desizyon pou tabli oswa pou retire responsabilite pou egzekite yon desizyon oswa yon dispozisyon sou delenkans; (2) desizyon yo rann apre yon syèj lòd oswa dediksyon desizyon nan delenkans, ki gen ladan lòd ou retire pèmisyon oswa modifye kontwòl kominotè; (3) yon dispozisyon ilegal; epi (4) nenpòt lòt desizyon final kòm preskri pa lalwa. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.145(c).

    The procedures in non-final juvenile delinquency cases differ from those in non-final civil appeals in a number of ways.  The State’s notice of non-final appeal must be filed in the lower tribunal within 15 days of the order, and before the beginning of the adjudicatory hearing.  If the child is in detention and the case is stayed during an appeal by the State, the child is to be released if the offense would be subject to bail if the child were charged as an adult; otherwise, the lower tribunal has discretion to release the child.  All references to the child in all court documents are to be by initials, not by name, and all papers are treated confidentially.

    Pwosedi yo nan zafè delenkans jivenil ki pa final diferan sa ki nan apèl sivil ki pa final yo nan plizyè fason. Notifikasyon Eta a pou apèl ki pa final la dwe depoze nan tribinal ki pi ba a nan yon delè 15 jou apre lòd la, epi anvan kòmansman odyans abitraj la. Si minè a nan prizon lè tribinal la sispann pwosedi a, annatandan yo rann desizyon sou yon apèl avoka leta a fè, yo dwe lage minè a si kalite enfraksyon an ta pèmèt yo lage l sou kosyon si yo te akize l tankou yon moun majè; osinon, tribinal ki pi ba a gen pouvwa diskresyonè pou lage minè a. Tout enfòmasyon ki fè referans sou minè a dwe gen inisyal ladan, san yo pa nonmen non minè a, epi tout dokiman yo dwe trete konfidansyèlman.

    Genyen tou plizyè kalite desizyon yo kapab fè apèl kont yo tousuit, nan zafè depandans jivenil yo, ak nan zafè ki an rapò avèk anilasyon dwa paran yo. Nan ka depandans jivenil, anilasyon dwa paran, ak zafè ki enplike timoun ak fanmi ki bezwen sèvis, gen kèk moun sèlman ki kapab fè apèl devan tribinal konpetan an, anvan tan limit la pase, ak nan jan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo preskri a. Men moun ki ka fè sa yo sèlman: nenpòt timoun, paran, moun yon timoun tribinal nonmen kòm responsab yon minè, oswa responsab legal yon timoun, oswa nenpòt ki pati nan pwosè a ki enplike nan yon desizyon tribinal ki pi ba a, oswa ajans leta lalwa otorize.

    Pwosedi pou depandans jivenil ki pa final, ak pou zafè anilasyon dwa paran yo, pa menm ak pwosedi nan apèl sivil ki pa final yo. Avi pou apèl la dwe depoze nan espas 30 jou yo rann desizyon ki dwe revize a. Gade Seksyon 39.510 ak 39.815, Lwa Florid yo, ak Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.146. Tout referans sou timoun lan oswa sou paran dwe fèt ak inisyal, se pa ak non, epi tout papye yo trete avèk konfidansyalite. Tribinal yo bay apèl nan zafè sa yo tretman priyoritè. Lè gen yon desizyon ki anile dwa paran yo, epi ki mete yon timoun disponib pou adopsyon, desizyon sa a sispann pandan apèl la ap fèt, menm si timoun lan kontinye rete nan detansyon. Gade tou Chapit 14, Apèl kont Lòd ki rann nan Depandans ak Pwosedi pou Anile Dwa Paran.

  7. Pwoblèm espesyal pou Apèl ki pa Final Apèl nan Zafè Konpansasyon Travayè.

    Nan pwosedi konpansasyon pou aksidan ak maladi travay yo, apèl kapab fèt kont nenpòt desizyon ki pa final, ki tabli:

    1. konpetans (dwa pou tribinal la tande yon zafè);
    2. kote pou yon jijman fèt (Konte y ap tande zafè a); oswa
    3. dwa pou resevwa konpansasyon an, depi desizyon an tabli aklè gen yon aksidan ki te fèt nan kontèks travay la, pandan moun lan ap travay, epi moun k ap fè reklamasyon an gen dwa resevwa peman nan sikonstans sa yo pou kantite lajan an, epi tou depi tribinal ki pi ba a sètifye, nan desizyon an, sa pral mande anpil depans ak anpil tan pou jwenn ki kalite ak ki kantite konpansasyon pou yo bay moun ki fè reklamasyon an. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(b)(1).

    Pwosedi apèl pou konpansasyon travayè ki pa final diferan ak pwosedi apèl nan zafè sivil yo, nan plizyè fason enpòtan. Notifikasyon pou apèl la, ki deja esplike pi wo a, dwe genyen ladan l tou yon ekspoze kout sou kalite avantaj desizyon an afekte. Li dwe genyen ladan l tou yon deklarasyon ki tabli limit tan pou chak etap fèt. Pa egzanp, men jan yon deklarasyon konsa ta kapab ekri: “Mwen sètifye apèl sa a afekte sèlman peryòd ak klasifikasyon avantaj ak tretman medikal annapre la yo,” epi anapre gen yon lis avantaj yo ak delè ki genyen nan apèl la. Yo kapab poko peye avantaj sa yo annatandan rezilta apèl la. Pa pita pase 15 jou apre li remèt notifikasyon pou apèl la, moun k ap fè apèl la dwe depoze ekspoze inisyal la nna tribinal la, epi remèt chak nan lòt pati yo yon kopi. Ekspoze a dwe genyen avèk li yon anèks ki gen desizyon pou tribinal la dwe revize a, ak tout lòt dokiman oubyen transkripsyon ki te depoze nan tribinal ki pi ba a, epi ki ta kapab ede tribinal apèl la konprann zafè ki nan pwosedi apèl la. Gade tou Chapit 17, Apèl pou Konpansasyon Travayè; Chapit 3, Rasanble Dosye pou yon Apèl.

  8. Kesyon Espesyal pou Apèl ki pa Final nan Zafè Lwa Administratif

    Nan plizyè sikonstans, Chapit 120 sou Lwa Pwosedi Administratif nan Lwa Florid yo, di si yon moun kapab fè apèl tousuit kont yon aksyon oswa lòd ki pa final yon ajans administratif pran. Seksyon 120.68 nan Lwa Florid yo di yo kapab fè apèl kont desizyon ki pa final yon ajans pran, si yon revizyon desizyon final ajans lan pa ta pote yon konpansasyon kòrèk. Si sikonstans yon moun ki ta vle fè apèl yo pa tonbe sou lobedyans Chapit 120 nan Lwa Florid yo, moun k ap fè apèl la dwe gade ki lwa ki aplikab presizeman nan sikonstans li ye a, pou wè si l kapab fè apèl kont desizyon li vle a.

    Pwosedi pou sa ki dwe fèt pou jwenn revizyon pou yon desizyon ki pa final nan yon zafè lwa administratif pa menm ak pwosedi nan lòt kalite zafè yo. Nan zafè administratif yo, anjeneral moun k ap fè apèl la ka depoze yon petisyon pou fè revizyon sou aksyon ki pa final yon ajans pran, dapre Lwa Pwosedi Administratif la, ansanm avèk Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.100(b) ak (c). Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.190(b)(2)&(c)(3). Pase pou l depoze yon notifikasyon pou apèl, yon moun k ap fè apèl dwe depoze yon petisyon pou revizyon (ki sanble ak yon ekspoze inisyal), ansanm ak frè depo yo, anvan 30 jou pase, apre dat yo rann desizyon l ap mande pase nan revizyon an. Yo pa kapab nonmen jij administratif la, oswa responsab odyans lan, oswa moun ki travay nan ajans administratif la nan pami moun ki reponn (pati opoze yo). Yon kopi petisyon an dwe remèt bay ajans administratif la. Petisyon an dwe genyen non tribinal ki pral fè revizyon sou desizyon an, non ak deziyasyon tout pati ki nan chak pati zafè a, rezon ki fè tribinal la gen konpetans (otorizasyon pou tande zafè a), enfòmasyon sou fè ki pase k ap sèvi kòm baz pou moun k ap fè apèl la, ki kalite konpansasyon moun lan mande (sa li vle tribinal apèl la fè pou li), epi agiman legal ki montre egzanp, règ, ak règleman ki sipòte petisyon an. Moun k ap fè apèl la dwe siyen yon sètifikasyon pou di li remèt kopi bay pati advès la, ak bay ajans administratif la.

    Moun k ap fè apèl la dwe depoze ak remèt yon anèks tou, dapre Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.220 an, ki pa kapab genyen okenn eleman ki pa te fè pati dosye a nan ajans administratif la. Anèks la dwe genyen desizyon moun k ap fè apèl la ap mande pase nan revizyon an, epi li dwe genyen lòt dokiman moun k ap fè apèl la kwè tribinal la pral bezwen, pou l deside sou apèl la. Si tribinal la wè davans petisyon moun k ap fè apèl la depoze a tonbe nan domèn konpetans li, epi li kapab asepte reklamasyon moun lan fè a, li pral bay yon lòd pou moun lan esplike pozisyon l, epi li pral mande pati advès la depoze yon repons pou esplike rezon li kwè tribinal la pa dwe asepte fè sa moun k ap fè apèl la mande a. Anjeneral, tribinal la ap bay moun k ap fè apèl la yon chans apre sa pou l prezante yon refitasyon kont repons lan. Apre sa, tribinal la ap pran yon desizyon.

    Nan zafè ki pa tonbe sou lobedyans ni sou kontwòl Lwa Pwosedi Administratif la, kapab genyen plizyè kalite pwosedi ki fèt (souvan se yon petisyon òdonans certiorari). Moun k ap fè apèl la dwe gade lwa ki gouvènen zafè sa a, pou wè ki pwosedi ki zafè aplike. Gade tou Chapit 15, Apèl Administratif; Chapit 3, Rasanble Dosye pou yon Apèl.

 


Telechaje Chapit 9 PDF la isit la.


CHAPIT 9

⇐ CHAPIT ANVAN  |  
PWOCHEN CHAPIT ⇒