1. Rezolisyon oubyen rezilta final yon dosye yon tribunal ki pi ba te tande.

2. Desizyon, rekonpans oubyen santans yon jij.

Se yon pwosedi oswa yon akò kote omwen yon moun ki pa gen patipri, epi ki pa gen rapò avèk okenn nan pati yo, ap ede pati yo rezoud yon kesyon oswa yon pwoblèm ki nan yon pwosè. Jij yo konn mande pou abitraj la fèt, pou pati yo kapab rezoud dezakò yo san yo pa bezwen fè yon pwosè. Nòmalman toude pati yo oblije asepte yon desizyon ki soti nan yon abitraj. Yo konn rele sa yon “medyasyon” tou. Egzanp: Bob ak Sue rezoud dezakò yo nan yon abitraj, pou yo pa t bezwen fè yon pwosè.

« Back to Glossary Index