CHAPIT 7

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒


Kalandriye sa a montre kilè pou yo depoze dokiman nan jijman k ap fèt nan jiridiksyon apèl Tribinal Siprèm Florid la, tribinal apèl pou distrik yo, ajans yo ak tribinal gran enstans yo. Pou rezon delè sa a, ak toupatou nan tout Gid sa a, delè a pou depoze yon apèl mezire apati dat yo pwononse yon lòd, ki rive lè tout twa nan evènman sa yo te fèt: (1) desizyon tribinal ki pi ba a rann, se yon desizyon ekri li ye; (2) desizyon ekri a gen siyati ofisye jidisyè a; epi (3) dokiman ekri ki siyen an remèt bay grefye tribinal ki pi ba kote desizyon an te rann lan. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.020(i).

Avèk kèk eksepsyon, nan pifò ka li se dat yo pwononse yon lòd, epi se pa dat li te remèt oswa poste voye bay pati yo, ki konte nan kalkil tan pou depoze yon notifikasyon pou apèl. Nòmalman, yon pati ki vle mande yon apèl gen 30 jou, apre yon tribinal bay yon desizyon final, pou li depoze yon notifikasyon pou apèl. Nan kalkil tan, konte a kòmanse nan jou apre evènman ki deklannche fonksyonnman tan an. Gade Règ pou Pwosedi Apèl Florid 9.420(e) (ki adopte Règ Administrasyon Jidisyè Florid 2.514 pou kalkil tan). Tan limit la kouvri dènye jou nan peryòd sa a, sòf si dènye jou a tonbe yon samdi, yon dimanch, oubyen yon jou fèt. Sèl jou fèt ki konte, se sa ki ekri nan Règ la. Si dènye jou a tonbe yon samdi, yon dimanch, oubyen yon jou ferye legal, jou final la pou depo oswa pou aji a se jou annapre a ki pa yon samdi, yon dimanch, oubyen yon jou ferye legal. Si tan pou aji a wens pase sèt jou, lèsa samdi, dimanch, ak jou ferye legal pa konte nan kalkil la. Pa egzanp, si tribinal la bay desizyon l premye janvye, notifikasyon pou apèl la kapab depoze anjeneral jiska 1mye janvye. Si 31 janvye se yon dimanch, notifikasyon an dwe voye pa pita pase lendi 1mye fevriye. Kalandriye sa a baze sou vèsyon 2015 Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo. Yo amande Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo tanzantan. Kidonk, li toujou enpòtan pou yon moun gade dènye vèsyon Règ yo, pou l kapab konnen byen kilè tan limit yo fini. Anplis de sa, li pi bon pou depoze yon notifikasyon pou apèl byen anvan dat limit pou diminye chans pou rate dat limit sa. Si yon notifikasyon pou apèl depoze an reta, tribinal apèl la gen anpil chans li pa pral gen jiridiksyon ki pou egzaminen li, epi yo zafè anile apèl la.

Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo pou wè dat egzat pou depoze dokiman nan premye jijman yo, petisyon pou òdonans, pwosedi apèl kont kondanasyon amò, revizyon apèl kolateral apre kondanasyon penal, jijman pou jenn moun nan zafè depandans ak jijman pou sispann dwa paran, epi nan jijman kote y ap mande revizyon nan zafè siksesyon ak responsabilite timoun, aksyon administratif, ak desizyon pou refè yon jijman.


Telechaje Chapit 7 PDF la isit la.


CHAPIT 7

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒