CHAPIT 6

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒


Menm jan ak rès Gid sa a, lis kontwòl sa a PA egzante yon moun pou li gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo, epi li PA egzante yon moun pou li gade sit wèb ki gen tout tribinal yo, nan adrès www.flcourts.org, pou konnen egzijans entèn tribinal ki enterese li a.

Revize Règ nan Florid pou Pwosedi Apèl ak Lwa Florid ki aplikab yo.

___ Yon pati k ap fè yon apèl revize Règ nan Florid pou Pwosedi Apèl nan (“FRAP”), ke li ka jwenn nan yon bibliyotèk piblik, bibliyotèk dwa, oswa sou sit entènèt Bawo Florid la nan http://www.floridabar.org/tfb/TFBLegalRes.nsf/. Yon pati k ap fè apèl dwe genyen Adobe Acrobat enstale sou òdinatè li pou li kapab gade Règ yo.
___ Yon pati k ap fè apèl revize tou nenpòt lòt règ, lwa, oswa egzanp zafè ki kapab aplike nan zafè a.
___ Yon pati k ap fè apèl revize tou pwosedi espesifik ak kondisyon yon tribinal an patikilye kote apèl la depoze (ki disponib sou sit entènèt tribinal la ak/oswa nan biwo grefye tribinal la).

Limit paj pou tout ekspoze (FRAP 9.210(a)(5))

___ 1. Ekspoze inisyal mun k ap fè apèl la pa kapab plis pase 50 paj longè
___ 2. Ekspoze repons moun yo fè apèl kont li a pa ka pi long pase 50 paj
___ 3. Ekspoze refitasyon moun k ap fè apèl la pa kapi long pase 15 paj

Dimansyon fèy papye ak Metòd pou Relye Ekspoze yo (FRAP 9.210(a)(1) ak (3))

___ 1. Papye gwosè 8 1/2” x 11”, papye blan, ki opak, ki pa glase
___ 2. Papye ekspoze yo pa klipse oswa mare (eksepte ak twonbòn oswa bann kawotchou)

.Fòma pou tout ekspoze (FRAP 9.210(a)(2))

___ 1. Maj yon-pous sou tout kote yo (tribinal la pral mezire maj yo)
___ 2. Ekspoze yo dwe tape ak doub espas
___ 3. Enprime sou yon sèl bò fèy papye yo
___ 4. Karaktè yo dwe swa Times New Roman 14-pwen, oswa Courier New 12-pwen
___ 5. Si ekspoze a tape sou yon òdinatè, li dwe sètifye ke li satisfè kondisyon karaktè yo. Sètifikasyon karaktè yo vini apre sètifika livrezon an.

Paj Kouvèti pou Tout Ekspoze yo (FRAP 9.210(a)(4))

Gen ladan l sak suiv yo la, nan lòd sa a:

___ 1. Non tribinal apèl la nan tèt paj la (pa egzanp Premye Tribinal Distri Apèl, nan Eta Florid)
___ 2. Nimewo dosye tribinal apèl la (li ta bon pou mete nimewo dosye tribinal ki pi ba a
___ 3. Non pati yo ak si yo se moun k ap fè apèl la oswa moun yo fè apèl kont li a, pa egzanp:e.g.:            Jane Doe, moun ki fè apèl

kont

John Doe, Pati yo fè apèl kont li an.

___ 4. Tit dokiman an (“Ekspoze inisyal moun ki fè apèl,” “Ekspoze repons moun yo fè apèl kont li a,” oswa “Ekspoze refitasyon moun ki fè apèl la”)
___ 5. Non tribinal ki pi ba a oswa tribinal ki te pran lòd la y ap fè apèl kont li a (pa egzanp,”Apèl ki soti nan 13th Judicial Circuit, Hillsborough County”)
___ 6. Non, adrès ak nimewo telefòn pati “pro se” ki depoze ekspoze a

Kisa ekspoze inisyal la dwe Gen ladan (FRAP 9.210 (b))

___ 1. Paj kouvèti – presize enfòmasyon ki diskite pi wo
___ 2. Tabdèmatyè – bay lis seksyon yo ki nan ekspoze a, ki gen ladan tit ak soutit ki idantifye pwoblèm ki soulve nan apèl la, avèk nimewo paj kote agiman sou chak pwoblèm kòmanse
___ 3. Tab referans yo – bay lis referans legal ki site nan ekspoze a ak tout paj kote yo chak site, nan lòd sa a: (a) zafè ki site nan lòd alfabetik ak sitasyon; (b) lwa; (C) lòt referans, ki gen ladan règleman pwosedi yo
___ 4. Deklarasyon Zafè a ak Reyalite yo – diskite enfòmasyon yo ak istwa pwosedi nan zafè a, li gen sitasyon nan paj dosye apèl la kote ou ka jwenn oswa soutni chak reyalite ki diskite, e li gen ladan diskisyon sou: (a) ki kalite ka; (b) istwa zafè a nan tribinal ki pi ba a anvan apèl la; (c) rezilta nan tribinal ki pi ba a, ak (d) enfòmasyon ki gen rapò ak pwoblèm ki nan apèl yo
___ 5. Rezime Agiman an – bay yon apèsi agiman an nan 2 a 5 paj oswa mwens
___ 6. Estanda Revizyon – dekri rapidman estanda revizyon pou chak pwoblèm ki nan apèl (sa a kapab yon seksyon apa, oswa li ka jis deklare nan kòmansman chak pwoblèm agiman, men li dwe enkli nan ekspoze a)
___ 7. Agiman – eksplike agiman legal pati k ap fè apèl la pou chak tit pwoblèm ki site nan tabdèmatyè a, ak sitasyon referans legal ki soutni agiman yo (sòf si ekspoze a gen yon seksyon estanda revizyon apa, estanda revizyon pou chak pwoblèm dwe deklare nan kòmansman chak pwoblèm agiman)
___ 8. Konklizyon – di tribinal apèl la ki remèd y ap chache nan apèl la (pa egzanp anile, anile ak ranvwaye pou yon nouvo jijman, elatriye.)
___ 9. Sètifika Livrezon Dokiman – sètifye yo te remèt (voye) yon kopi ekspoze bay pati opoze a (gade anba a)
___ 10. Sètifika Konfòmite Karaktè – sètifye ekspoze a respekte kondisyon estil ak gwosè karaktè
___ 11. Blòk siyati – ekspoze a dwe siyen pa pati ki soumèt ekspoze a

Kisa ki Dwe nan yon Ekspoze Repons (FRAP 9.210(c))

___ 1. Paj kouvèti – jan li presize pi wo a
___ 2. Tabdèmatyè – bay lis pwoblèm ki prezante jan pati ki fè yon apèl la endike nan ekspoze inisyal la ak nimewo paj kote agiman kòmanse pou chak pwoblèm
___ 3. Tab referans yo – bay lis referans legal ki site ak tout paj kote yo chak site, pou: (a) zafè ki site nan lòd alfabetik ak sitasyon; (b) lwa; (C) lòt referans, ki gen ladan règleman pwosedi
___ 4. Deklarasyon Zafè a ak Reyalite yo – kapab pa la si moun yo fè apèl kont li a dakò ak deklarasyon moun k ap fè apèl la, men yo mete li anjeneral pou deklare reyalite yo nan pwennvi moun yo fè apèl kont li a; li diskite enfòmasyon yo ak istwa pwosedi nan zafè a, li gen sitasyon nan paj dosye apèl la kote ou ka jwenn oswa soutni
___ 5. Rezime Agiman an – bay yon apèsi agiman an nan 2 a 5 paj oswa mwens
___ 6. Estanda Revizyon – dekri rapidman estanda revizyon pou chak pwoblèm ki nan apèl (sa a kapab yon seksyon apa, oswa li ka jis deklare nan kòmansman chak pwoblèm agiman, men li dwe enkli nan ekspoze a)
___ 7. Agiman – reponn ekspoze inisyal la epi eksplike agiman legal moun yo fè apèl kont li a pou chak pwoblèm, ak sitasyon referans legal ki soutni agiman yo (sòf si ekspoze a gen yon seksyon estanda revizyon apa, estanda revizyon pou chak pwoblèm dwe deklare nan kòmansman chak pwoblèm agiman)
___ 8. Konklizyon – di tribinal apèl la kisa moun yo fè apèl kont li a vle tribinal la fè ak apèl la (pa egzanp konfime desizyon tribinal ki pi ba a)
___ 9. Sètifika Livrezon Dokiman – sètifye yo te remèt (voye) yon kopi ekspoze bay pati opoze a (gade anba a)
___ 10. Sètifika Konfòmite Karaktè – sètifye ekspoze a respekte kondisyon estil ak gwosè karaktè
___ 11. Blòk siyati – ekspoze a dwe siyen pa pati ki soumèt ekspoze a

Kisa ki Dwe nan yon Ekspoze Refitasyon (FRAP 9.210(d))

Yon ekspoze refitasyon pa obligatwa, men anjeneral yo dwe depoze yonn pou reponn ekspoze repons lan. Yon ekspoze refitasyon pa dwe sèlman repete akiman ki te prezante nan ekspoze inisyal la. Olye de sa, objektif li se pou reponn a agiman yo te fè nan ekspoze repons lan.

___ 1. Paj kouvèti – jan li presize pi wo a
___ 2. Tabdèmatyè – bay lis pwoblèm ki prezante jan pati ki fè yon apèl la endike nan ekspoze inisyal la ak nimewo paj kote agiman kòmanse pou chak pwoblèm
___ 3. Tab referans yo – bay lis referans legal ki site ak tout paj kote yo chak site, pou: (a) zafè ki site nan lòd alfabetik ak sitasyon; (b) lwa; (c) lòt referans, ki gen ladan règleman pwosedi
___ 4. Agiman refitasyon – reponn agiman ekspoze repons lan
___ 5. Konklizyon – di tribinal apèl ki rezilta pati ki fè yon apèl la vle
___ 6. Sètifika Livrezon Dokiman – sètifye yo te remèt (voye) yon kopi ekspoze bay pati opoze a (gade anba a)
___ 7. Sètifika Konfòmite Karaktè – sètifye ekspoze a respekte kondisyon estil ak gwosè karaktè
___ 8. Ekspoze orijinal a dwe siyen pa pati ki soumèt ekspoze a
___ 9. Certificate of Service – certifies a copy of the brief was served (sent) to the opposing party (see below)

Depoze Alè ak Livrezon pou Tout Ekspoze (FRAP 9.110(f) ak 9.210(f))

___ Pati k ap fè apèl la dwe remèt ekspoze a (voye li pa lapòs, livrezon almen, oswa imèl si e-sèvis ki disponib) bay lòt pati a, epi depoze li nan tribinal la nan delè Lwa yo egzije. Si yon ekspoze pa remèt alè, tribinal la ka refize resevwa l (gade nan FRAP 9.410). Si yon pati ki enplike nan pwosedi apèl la bezwen plis tan pou ekri yon ekspoze, li dwe depoze yon mosyon pou mande plis tan dapre FRAP 9.300(a)—anvan limit tan an pase pou voye ekspoze a—pou mande tribinal la plis tan.
___ 1. Ekspoze inisyal moun k ap fè apèl la: 70 jou soti nan depoze notifikasyon pou apèl (sòf si tribinal la akòde yon mosyon pou ekstansyon tan ki soumèt pa pati k ap fè apèl la)
___ 2. Ekspoze repons Pati yo fè Apèl kont li an: 20 jou apre moun k ap fè apèl la voye notifikasyon pou apèl la (sòf si tribinal la otorize yon mosyon moun yo fè apèl kont li a depoze, pou mande plis tan)
___ 3. Ekspoze refitasyon moun k ap fè apèl la: 20 jou apre moun yo fè apèl kont li a voye notifikasyon pou apèl la (sòf si tribinal la otorize yon mosyon moun k ap fè apèl la depoze, pou mande plis tan)
___ Remèt (pa lapòs oubyen nan men) yon kopi ekspoze a bay avoka chak pati yo, oubyen, si yon moun pa gen yon avoka k ap reprezante l, remèt yon kopi bay moun ki pa reprezante.
___ Depoze ekspoze a nan Tribinal Apèl menm jou livrezon (pa lapòs, livrezon, oswa depo elektwonik si e-depo disponib)

Li dwe ase pou depoze yon kopi papye orijinal ekspoze a nan tribinal apèl la. Men, yon pati dwe kontakte biwo grefye a pou tribinal espesifik la (ak/oswa vizite sit entènèt yo) pou chèche konnen si plizyè kopi papye obligatwa toujou, e/oswa si gen lèt kondisyon adisyonèl nan tribinal sa pou depoze yon ekspoze.

Anjeneral yo pèmèt Pati Pro se yo remèt dokiman pa imèl si yo konfòme yo avèk sèten kondisyon, ki tabli an detay nan Règ Administrasyon Jidisyè Florid 2.516. Anplis, pifò tribinal yo kounye a pèmèt (men yo pa egzije) depo elektronik nan men pati “pro se” yo. Gade Règ Administrasyon Jidisyè Florid 2.525(c)-(d). Egzijans pou depo elektronik lan, menm lè li disponib, souvan varye nan plizyè tribinal. Nòmalman, pati “pro se” yo ki enterese nan depo elektronik lan dwe konsilte sit entènèt oubyen biwo grefye tribinal patikilye an pou konnen si yo pèmèt depo elektronik e si sa posib, egzijans depo elektronik ak sèvis apati imèl la. Gade tou Règ Administrasyon Jidisyè 2.516 ak 2.525(c)-(d). Sòf si depo ak sèvis elektwonik pa imèl disponib, yo dwe depoze yon ekspoze pa lapòs oswa livrezon nan tribinal la, remèt pa lapòs oswa livrezon bay pati opoze a.

 

Telechaje Chapit 6 PDF la isit la.


CHAPIT 6

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒