CHAPIT 17

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒


  1. Entwodiksyon

    Objektif chapit sa a, se pou bay kèk enfòmasyon sou pwosedi pou moun suiv nan yon apèl kont yon “desizyon final” nan yon pwosedi konpansasyon pou travay. Eksplikasyon sa yo elemantè anpil, kidonk pati “pro se” k ap reprezante tèt li a dwe ale li règ ak lwa yo fè referans sou yo nan chapit sa a. Chapit sa a pa kouvri apèl kont “desizyon ki pa final” nan yon pwosedi konpansasyon pou aksidan ak maladi travay.

    Si moun ki fè reklamasyon an pèdi nan pwosedi konpansasyon pou travay la, li gen dwa fè apèl kont yon desizyon konpansasyon jij nan zafè konpasasyon pou travay la rann. “Pati k ap fè apèl la” ka mande tribinal apèl la paske desizyon jij la nan revizyon, epi anile desizyon sa a nan enterè moun nan. Jan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180 la di sa, men kèk etap elemantè yon moun k ap fè apèl dwe suiv lè l ap fè yon apèl:

    1. Moun k ap fè apèl la dwe depoze yon “notifikasyon pou apèl” epi peye $300.00. “Notifikasyon pou apèl” la dwe depoze (pa voye nan lapòs) nan biwo jij la, pa pita pase trant (30) jou apre dat biwo jij la te voye desizyon an pa lapòs (oswa imèl) bay tout pati ki enplike nan pwosedi apèl la.
    2. Si yon moun vle fè apèl, men li pa gen ase lajan pou l peye pou depoze dokiman yo, li ka depoze yon “petisyon ki verifye, oubyen mosyon pou endijans” nan biwo jij la ansanm ak “notifikasyon pou apèl” la.
    3. Moun k ap fè apèl la dwe depoze tou “deziyasyon” pou di grefye a kisa li vle yo mete nan “dosye” tribinal apèl la pral egzaminen an.
    4. Yon moun k ap fè apèl ki pa gen lajan pou peye pou prepare dosye a dwe depoze yon “petisyon ki verifye” nan biwo jij la, oswa yon mosyon pou mande yo egzante l peye pou prepare dosye a pou apèl ansanm ak yon “afidavit finans sou sèman”.
    5. Moun k ap fè apèl la pral gen pou l depoze apre sa yon “ekspoze inisyal,” epi, apre “pati yo fè apèl kont li” a depoze yon “ekspoze repons,” moun k ap fè apèl la pral gen pou l depoze yon “ekspoze refitasyon.”

    Pi ba la a, gen yon eksplikasyon rapid sou jan pou egzekite chak etap sa yo. Règleman ak lwa ki aplikab pou pwosedi apèl nan ka reklamasyon konpansasyon pou aksidan ak maladi travay yo genyen ladan yo, men san se pa sa sèlman, Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180, 9.200, 9.210, 9.310, 9.330, ak 9.331 ak Seksyon 57.081(1), 440.25(5), ak 440.271, Lwa Florid.

  2. Notifikasyon pou apèl.

    Dat limit pou depoze notifikasyon pou apèl la, se dat ki pi enpòtan an, kidonk ou pa dwe kite l pase. Yon notifikasyon pou apèl dwe depoze (men pa voye pa lapòs) pa pita pase 30 jou apre dat jij ki fè jijman an te voye desizyon yo fè apèl kont li a pa lapòs bay pati yo. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(b)(3). Sa vle di, notifikasyon pou apèl la dwe depoze (men pa voye pa lapòs) pa pita pase 30 jou apre dat yo deklare yo te voye desizyon an pa lapòs. Pa egzanp, si desizyon an gen yon deklarason ki di “yon kopi egzat dokiman sa a te voye pa lapòs nan dat 3 oktòb 2007 bay pati ki nonmen la yo,” notifikasyon pou apèl la dwe depoze (men pa voye pa lapòs) anvan 30 jou pase apre dat 3 oktòb 2015 la, ki se dat biwo jij la deklare, sou desizyon an, li te voye l pa lapòs bay tout pati ki enplike nan pwosedi apèl la.

    Pou derape pwosesis apèl la, yo dwe depoze kopi notifikasyon pou apèl la nan biwo jij ki fè jijman an, sa ki vle di se pa nan tribinal apèl distrik la pou yo depoze kopi yo. Frè a $ 300.00 pou depo, te fè peyab a ba Tribinal la Distri Premye pou Fè Apèl nan yon chèk oswa money order, yo dwe depoze nan notifikasyon pou apèl la.

    Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.900(a) montre yon modèl fòmilè pou yon notifikasyon pou apèl. Sèlman, sa ki fè li pa menm ak modèl fòmilè a, notifikasyon pou apèl pou reklamasyon konpansasyon pou aksidan ak maladi travay la dwe genyen yon sètifikasyon avantaj moun lan kapab pèdi yo, kòm konsekans desizyon an. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(b). Sa vle di, moun ki fè reklamasyon an, epi k ap fè apèl kont desizyon yon jij ki refize pou yo peye l ak ba li swen medikal, dwe ekri nan notifikasyon pou apèl la yon deklarasyon ki di aklè se pou avantaj sa yo l ap fè apèl la. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(b)(3).

    Pa egzanp, yon moun ki fè reklamasyon paske yo rejte yon demann idamnite tanporè (peman lajan) li te prezante, pou koumase premye janvier 2015 epi rive 31 me 2015, ansanm ak yon demann otorizasyon wè yon sikyat pou evalyasyon ak tretman, dwe di nan notifikasyon pou apèl la:

    Mwen sètifye nan papye sa a, apèl sa a se sèlman pou peryòd ki ekri pi ba la a, ak pou klasifikasyon avantaj ak tretman medikal:

    1. peman indamnite tanporè pou peryòd ki kòmanse premye janvye 2015 pou rive 31 me 2015, epi
    2. otorizasyon wè yon sikyat pou evalyasyon ak tretman.

    Si desizyon jij la rann lan gen kòm ti “Desizyon Final Abreje” oswa yon tit ki sanble sa, moun ki fè reklamasyon an, epi ki vle fè apèl la, dwe depoze yon demann nan biwo jij ki fè jijman an pou mande gade fè ki rive yo ak gade konklizyon yo dapre lalwa, anvan pou moun lan kapab depoze yon notifikasyon pou apèl. Moun lan dwe depoze (pa voye nan lapòs) demann pou mande gade fè ki rive yo ak gade konklizyon yo dapre lalwa, pa pita pase 10 jou apre dat biwo jij ki fè jijman an deklare li voye desizyon an pa lapòs. Depozisyon demann sa a reta tan an pou depoze notifikasyon pou apèl jouk may yo jije afè nou osinon Imèl yon lòd pou akòde oswa refize demann lan.

  3. Peman pou Depoze Dokiman

    Si yon moun k ap fè apèl pa kapab peye pou depoze dokiman yo, li dwe remèt yon papye ki rele “petisyon ki verifye oubyen mosyon pou endijans” nan biwo jij ki fè jijman an, an menm tan l ap depoze notifikasyon pou apèl la. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(g)(2) esplike ki enfòmasyon moun lan dwe mete nan petisyon ki verifye oubyen mosyon pou endijans an. Pati k ap fè apèl la dwe siyen dokiman sa a nan moun anvan yon notè piblik, fè li “verifye,” epi voye yon kopi bay avoka a pou pati opoze a. Si jij k ap fè jijman an asepte mosyon an, epi li bay yon sètifikasyon endijans, moun k ap fè apèl la kapab kontinye pwosedi apèl la san peye anyen pou depoze dokiman l yo. Si jij k ap fè jijman an rejte mosyon an, epi li refize bay yon sètifikasyon endijans, moun k ap fè apèl la pral genyen pou l peye pou depoze dokiman l yo nan biwo jij la, anvan 15 jou pase apre dat yo te rejte mosyon an; osinon, li ka depoze yon demann ekri nan Tribinal Apèl Premye Distrik la pou yo fè revizyon desizyon jij ki te refize asepte petisyon oswa mosyon pou endijans lan.

  4. Deziyasyon Dosye

    Pou tribinal apèl la kapab fè revizyon yon zafè ki nan apèl, dwe genyen yon dosye pou apèl ki pare ak depoze nan Tribinal Apèl Premye Distrik la. Biwo jij k ap fè jijman an, oswa grefye tribinal la, oswa yon lòt moun tribinal la chwazi, pral pare dosye pou apèl la.

    Moun k ap fè apèl la pa bezwen pare dosye pou apèl final la, men li genyen pou l fè biwo jij k ap fè jijman an konnen ki dokiman oubyen ki pyès li vle fè mete nan dosye a. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(f)(1) gen yon lis dokiman ak pyès yo mete nòmalman nan dosye a pou yon apèl final. Si tout dokiman vle fè mete nan dosye pou apèl la deja nan lis dokiman ak pyès yo mete nòmalman nan dosye a, moun lan pa bezwen depoze yon deziyasyon ekri pou dosye pou apèl la. Gade chapit ki rele “Mete Dosye Ansanm pou yon Pwosedi Apèl” la.

    Sèlman, si moun k ap fè apèl la vle fè mete nenpòt ki dokiman oswa nenpòt pyès ki pa deja nan lis la, li dwe depoze yon deziyasyon ekri pou fè jij la konnen li vle fè mete dokiman oswa pyès sa yo nan dosye pou apèl la. Si gen dokiman oswa pyès moun lan pa vle yo mete nan dosye pou apèl la, oubyen si l vle yo mete sèlman kèk nan dokiman oswa pyès yo konn mete nòmalman yo, li dwe depoze yon deziyasyon ekri pou di sa. Tout deziyasyon ekri dwe depoze, pa pita pase 10 jou apre dat notifikasyon pou apèl la. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200(a)(3).

  5. Konbyen yo Fè Peye pou Pare yon Dosye pou Apèl

    Biwo jij k ap fè jijman an, oswa grefye tribinal la, oswa lòt moun tribinal la nonmen pou pare dosye pou apèl la pral fè konnen frè apwoksimatif pou pare dosye a, apre yo depoze desiyasyon yo oubyen apre dat limit pou depoze deziyasyon yo pase. Moun k ap fè apèl la gen 15 jou, apre dat yo fè l konnen frè yo, pou l remèt nan biwo jij k ap fè jijman an yon chèk oubyen yon manda postal ki gen valè yo di pou l peye a.

    Si moun k ap fè apèl la pa kapab peye lajan yo di a, li dwe depoze yon petisyon ki verifye pou mande egzante l pou peman an, ansanm ak yon afidavit finans li fè sèman ki vre. Ni petisyon ki verifye pou mande egzante l pou peman an, ni afidavit finans moun k ap fè apèl la fè sèman ki vre a, dwe remèt nan biwo jij k ap fè jijman an, pa pita pase 15 jou apre dat yo te voye “anons sou estimasyon frè” a. 9.180(g)(2) ak (3) montre ki enfòmasyon moun k ap fè apèl la dwe mete ni nan petisyon ki verifye pou mande egzante l pou peman an, ni nan afidavit finans li fè sèman ki vre a. Moun k ap fè apèl la dwe voye yon kopi petisyon ki verifye pou mande egzante l pou peman an, ak yon kopi afidavit finans li fè sèman ki vre a bay: (1) tout pati ki enplike nan zafè a (tankou moun ki se pati advès la, ak avoka moun sa a); (2) divizyon reklamasyon pou konpansasyon an; (3) biwo avoka jeneral Depatman Sèvis Finans lan; epi (4) grefye tribinal apèl distrik la.

    Si jij k ap fè jijman an apwouve petisyon ki verifye pou egzante moun lan pou peman an, peryòd 60 jou pou pare dosye pou apèl la kòmanse nan dat jij la apwouve petisyon ki verifye a. Si jij k ap fè jijman an rejte tout petisyon ki verifye pou egzante moun lan pou peman an, oubyen si jij la apwouve yon moso sèlman nan petisyon an, moun k ap fè apèl la dwe peye lajan an nan biwo jij la anvan 15 jou pase, apre dat jij la te bay desizyon an.

  6. Ekspoze Apèl yo

    Moun k ap fè apèl la dwe depoze “ekspoze inisyal” pou apèl final la nan tribinal apèl distrik la, pa pita pase 30 jou apre tribinal ki pi ba a sètifye dosye a bay tribinal apèl la. Dat tribinal ki pi ba a sètifye dosye a bay tribinal apèl la konn parèt nòmalman sou dènye paj dosye pou apèl la, oubyen sou youn nan dènye paj ki nan fen dosye a. Si moun k ap fè apèl la pa kapab remèt ekspoze inisyal la anvan 30 jou pase, li dwe depoze yon mosyon pou plis tan nan biwo grefye tribinal apèl distrik la anvan 30 jou yo pase. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210(a) ak (b) esplike kisa moun k ap fè apèl la dwe mete nan ekspoze inisyal la, ak lòt enfòmasyon jeneral yo mande. Gade tou Chapit 5 nan sa a Gid, Ekri ak Apèl ekspoze.

    Apre yo depoze ekspoze inisyal la, pati yo fè apèl kont li a gen 20 jou pou l depoze yon ekspoze repons.

    Apre sa, moun k ap fè apèl la gen dwa depoze yon “ekspoze refitasyon” anvan 20 jou pase, apre dat yo depoze ekspoze repons lan. Moun lan pa oblije depoze yon ekspoze refitasyon, men li bon pou l fè sa. Yon ekspoze refitasyon reponn sa ki nan ekspoze repons pati advès la depoze a. Si yon moun k ap fè apèl deside depoze yon ekspoze refitasyon, li dwe voye l (pa lapòs) anvan 20 jou pase, apre dat yo te voye ekspoze repons lan (pa lapòs). Si yon moun k ap fè apèl vle parèt devan tribinal apèl la pou defann pozisyon l, li dwe depoze yon “petisyon pou agiman oral,” pa pita pase dat pou li remèt ekspoze refitasyon an. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210(a) ak (e) esplike kisa moun k ap fè apèl la dwe mete nan ekspoze refitasyon an, ak lòt enfòmasyon jeneral yo mande.

    Si yon moun ki fè yon reklamasyon genyen kòz la nan tribinal ki pi ba a, li kapab genyen pou l defann desizyon tribinal la, si pati advès la fè apèl. Si pati advès la depoze yon notifikasyon pou apèl, moun ki fè reklamasyon an, ki lè sa a se pati yo fè apèl kont li a, pral bezwen fè bagay sa yo:

    1. Depoze yon deziyasyon pou di kisa li vle fè mete nan dosye tribinal apèl la pral gade
    2. Depoze yon ekspoze repons.

    Deziyasyon pati yo fè apèl kont li a genyen pou l depoze a, pou fè konnen ki pyès li vle fè mete nan dosye tribinal apèl la pral gade a, dwe depoze nan biwo jij k ap fè jijman an, pa pita pase 20 jou apre dat notifikasyon pou apèl la. Yon pati yo fè apèl kont li pa bezwen depoze okenn deziyasyon si l sèlman vle yo mete pyès yo konn mete nòmalman nan dosye a, jan sa esplike nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.180(f)(1) an. Gade tou Chapit 3, “Rasanble Dosye pou yon Apèl”.

    Pati yo fè apèl kont li a dwe voye ekspoze repons li (pa lapòs) pa pita pase 20 jou apre dat yo te remèt ekspoze inisyal la. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210(a) ak (c) esplike kisa moun k ap fè apèl la dwe mete nan ekspoze repons lan, ak lòt enfòmasyon jeneral yo mande. Si yon pati yo fè apèl kont li vle parèt devan tribinal apèl la pou defann pozisyon l, li dwe depoze yon “petisyon pou agiman oral,” pa pita pase dat pou li remèt ekspoze repons lan. Gade tou Chapit 4 sou Pratik Mosyon nan Tribinal Apèl yo, Chapit 6 sou Lis Kontwòl pou Ekspoze Apèl ak Petison Anjeneral nan Tribinal Apèl Distrik yo, ak Chapit 18 sou Agiman Oral nan Tribinal Apèl Florid ak nan Tribinal Siprèm Florid la.

Telechaje Chapit 17 PDF la isit la.


CHAPIT 17

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒