CHAPIT 5

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒


  1. Entwodiksyon

    Pou pifò nan pwosedi apèl yo, moun lan pral genyen pou l depoze yon ekspoze inisyal, yon ekspoze repons, ak yon ekspoze refitasyon. Moun k ap fè apèl la, ki se menm moun ki te depoze notifikasyon pou apèl la, ap voye ekspoze inisyal la anpremye. Lèsa, lòt pati a, moun yo fè apèl kont li a, ap reponn ak yon ekspoze repons. Finalman, pati k ap fè apèl la ka reponn a ekspoze repons lan avèk depo yon ekspoze refitasyon. Nan ka òdonans estrawòdinè, yon petisyon depoze kòm ekspoze a. Petisyon òdonans ekstrawòdinè ap diskite nan chapit 10 nan Gid sa a.

    Anvan w ekri yon ekspoze apèl, yon pati dwe revize dosye apèl la pou konprann istwa a ak reyalite nan zafè a, fè rechèch lalwa, epi deside ki agiman pou fè ak pwoblèm pou soulve. Pati k ap fè apèl la pral gen pou diskite poukisa yo desizyon tribinal ki pi ba a oswa jijman an dwe anile (poukisa tribinal la pi ba a “twonpe” li). Apresa, moun yo fè apèl kont li a pral gen pou diskite poukisa desizyon an te kòrèk epi li dwe konfime, oswa “sètifye.”

    Yon lòt fwa ankò, ekspoze inisyal la depoze anpremye pa pati k ap fè apèl la. Moun yo fè apèl kont li a pa depoze yon ekspoze repons jouk apre ekspoze inisyal la, paske ekspoze repons lan pral reponn a agiman ki nan ekspoze inisyal la. Ekspoze refitasyon an depoze apresa pa pati k ap fè apèl la, ak kòm repons a, ekspoze repons lan. Ni ekspoze inisyal la ni ekspoze repons lan pral gen yon seksyon yo rele deklarasyon zafè a ak reyalite yo. Nan seksyon sa a, ekspoze yo diskite sou istwa a ak reyalite yo nan zafè a. Dwe gen pa gen okenn agiman nan seksyon reyalite yo. Ekspoze inisyal ak ekspoze repons lan ap gen seksyon agiman tou. Pral gen yon rezime seksyon agiman an, ki se yon apèsi kout agiman an, epitou yon seksyon agiman separe ki pi long kote pati a pral diskite konplètman sou tout pwen nan apèl la. Ekspoze inisyal ak ekspoze repons lan dwe deklare tou estanda revizyon an. Ekspoze refitasyon an pral sèlman bezwen yon seksyon agiman, piske li jis reponn ekspoze repons lan (epi yo pa zafè ajoute ankenn nouvo agiman). Tout ekspoze apèl dwe gen ladan sitasyon nan dosye apèl la pou nenpòt ki reyalite ki diskite, kit se nan seksyon reyalite yo oswa nan agiman an. Tout ekspoze yo dwe gen sitasyon tou ki bay referans legal (lwa ak antesedan legal) nan seksyon agiman an.

    Jan li mansyone pi wo a, anvan yon pati ekri yon ekspoze apèl, li dwe konsidere ak etidye plizyè bagay. Pa egzanp, pati k ap ekri ekspoze apèl la li dosye pou apèl la ki prepare pa grefye a nan tribinal ki pi ba a ki pran lòd la oswa jijman y ap fè apèl kont li a. Dosye sa a sanse genyen ladan l akt pwosedi enpòtan yo te klase sou zafè a, ansanm ak transkripsyon tout odyans enpòtan yo te fè, an rapò ak kesyon yo te pote nan apèl la.

    Moun k ap ekri ekspoze pou apèl la dwe chache konnen tou ki lwa ki aplikab pou ka li a, ak pou kesyon yo pote nan zafè a. Nan pami yo, kapab genyen lwa, pozisyon legal, règ oswa lòt dokiman legal. Moun k ap ekri ekspoze pou apèl la dwe ale nan yon bibliyotèk legal, oubyen fè rechèch nan òdinatè sou lalwa pou gade egzanp desizyon tribinal oswa lwa, espesyalman sa ki an rapò ak Eta Florid la, ki sipòte agiman l. Apre sa, moun k ap ekri ekspoze pou apèl la dwe rasanble tout lwa ak egzanp desizyon tribinal ki sipòte agiman li pral prezante nan ekspoze pou apèl la. Rezon pou sa, se paske Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo mande pou moun k ap fè apèl la fè yon referans dirèk sou lwa ak egzanp desizyon tribinal ki sipòte agiman l yo nan ekspoze pou apèl la. Sitasyon bay referans legal yo nan ekspoze a dwe swiv fòma pou sitasyon ou jwenn nan Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.800.

  2. Fòma pou Tout Ekspoze yo

    Florida Rule of Appellate Procedure 9.210 requires that all briefs have a specific format.  Briefs must generally be printed or typed on Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210 la vle pou tout ekspoze yo suiv yon fòma egzat. Anjeneral, tout ekspoze yo dwe enprime oubyen tape sou papye blan, ki opak, ki pa glase. Dimansyon papye an dwe 8.5 pa 11 pous. Papye a dwe gen maj ki mezire omwen yon pous sou tout bò yo. Ekriti a dwe nwa. Si se yon ekspoze tape sou yon òdinatè, li dwe doub-espas epi itlize ak karaktè Times New Roman 14-pwen, oswa karaktè Courier New 12-pwen. Nenpòt tit oswa nòt anba paj yo dwe menm karaktè ak gwosè ak rès ekspoze a. Menmsi ekspoze ki tape yo dwe gen espas doub, tit, sityasyon an retrè, ak nòt anba paj yo ka gen yon sèl espas.

    Ekspoze a dwe genyen yon paj kouvèti ki montre non tribinal apèl la, nimewo dosye tribinal la bay pou zafè a oubyen yon espas kote pou yo ekri nimewo a, si se yon nouvo dosye ki poko gen yon nimewo; non oswa “estil” zafè a (tankou John Smith kont Jane Doe), non tribinal ki pi ba ki te bay desizyon oswa opinyon y ap fè apèl kont li a; non kalite ekspoze a (tankou ekspoze inisyal John Doe k ap fè apèl), epi non ak adrès moun ki voye ekspoze a.

    Ekspoze ki depoze nan fòma papye pa dwe klipse oswa mare (eksepte klip papye oswa bann kawotchou). Sa a se yon kondisyon resan ki ede grefye yo nan tribinal, ki kounye pa gen eskann ekspoze papye nan òdinatè a.

  3. Sa ki nan ekspoze inisyal la ak Ekspoze Repons.

    Ekspoze inisyal la se premye ekspoze a. Li soumèt pa pati k ap fè apèl la ki depoze apèl la. Anjeneral, moun k ap fè apèl la dwe depoze ekspoze inisyal li anvan 70 jou pase, apre li fin depoze yon notifikasyon pou Yon moun k ap fè apèl ki bezwen plis tan pou depoze ekspoze inisyal la dwe depoze yon mosyon pou yon ekstansyon tan nan tribinal apèl la anvan dat limit pou ekspoze a. Fè mosyon diskite nan Chapit 4 nan Gid sa a. Ekspoze inisyal la dwe bay reyalite yo ak istwa zafè a nan seksyon deklarasyon ak reyalite zafè a. Li dwe prezante agiman legal tou ki eksplike chak rezon ki fè moun k ap fè apèl la kwè desizyon tribinal ki pi ba a pa te bon (sètadi, fo) e poukisa li dwe anile. Ekspoze inisyal la pa kapab pi long pase 50 paj, san konte paj yo itilize pou tabdèmatyè, tab sitasyon, Sètifika Livrezon, Sètifika Konfòmite Karaktè ak blòk siyati pou otè ekspoze a. Yon pati ka mande tribinal la pèmisyon pou depoze ekspoze ki pi long pase 50 paj, men yo akòde mosyon sa yo raman. Apre sa, ekspoze yo anjeneral pi kout, souvan 20 a 30 paj oswa mwens.

    Ekspoze repons lan se pwochen ekspoze a. Li depoze pa moun yo fè apèl kont li a nan 20 jou apre ekspoze inisyal la, ankò sof si se yon mosyon pou yon ekstansyon tan depoze anvan dat limit la. Ekspoze repons lan reponn a agiman ki nan ekspoze inisyal la. Li pral diskite poukisa desizyon tribinal ki pi ba a te kòrèk epi yo dwe sètifye li. Anjeneral, ekspoze inisyal la ak ekspoze repons lan pa dwe gen plis pase 50 paj. Kontrèman ak ekspoze inisyal la, ekspoze repons lan pa oblije gen yon seksyon deklarasyon zafè a ak reyalite yo, men anjeneral li dwe gen yonn pou eksplike zafè a nan pwennvi moun yo fè apèl kont li a. Malgre moun yo fè apèl kont li a pral diskite nan ekspoze repons lan ke agiman moun k ap fè apèl la nan ekspoze inisyal la pa kòrèk, toude pati yo dwe diskite pozisyon yo respè epi san bay moun non oswa joure.

    Ekspoze inisyal la ak ekspoze repons lan dwe gen seksyon sa yo:

    1. Tabdèmatyè
    2. Tab Referans
    3. Deklarasyon sou Zafè a ak sou Fè ki te rive yo
    4. Rezime Agiman an
    5. Estanda Revizyon
    6. Agiman an
    7. Konklizyon
    8. Sètifika Livrezon
    9. Sètifikasyon Konfòmite pou Karaktè Tipografik yo
    1. Tabdèmatyè

      Tabdèmatyè a bay lis seksyon yo ak tit pwoblèm yo nan ekspoze a, ak nimewo paj ki koresponn ak kote nan ekspoze a seksyon ak tit sa yo ye. Pa egzanp, yon Tabdèmatyè pou yon ekspoze inisyal ka sanble ak yon bagay tankou sa ki nan yon apèl pou yon jijman final yo pran apre yon pwosè avèk jiri:


      Click here to download the contents of this form.

    2. Tab Referans

      Tab referans (yo rele tou sitasyon) se menm jan ak tabdèmatyè a. Li se yon lis ki gen referans legal (ka, lòd, ak règleman) yo pran kòm referans oswa “site” nan ekspoze a pou kore agiman pati a, ansanm ak tout nimewo paj kote yo site referans sa yo nan ekspoze a. Egzanp desizyon tribinal yo klase nan lòd alfabetik. Lwa yo klase nan lòd nimerik. Referans legal yo ap site nan fòma ki egzije nan Règ 9.800 nan Règ nan Florid pou Pwosedi Apèl.

      Pa egzanp, men kouman yon tab sitasyon kapab ekri nan yon ekspoze pou apèl:

      Click here to download the contents of this form.

    3. Deklarasyon sou Zafè a ak sou Fè ki te rive yo

      Anvan li ekri yon ekspoze, pati k ap ekri ekspoze a dwe gade dosye pou apèl yo te pare nan biwo grefye tribinal (oswa nan yon lòt tribinal premye enstans) ki te bay desizyon oubyen opinyon moun lan ap fè apèl kont li a. Deklarasyon sou Zafè a ak sou Fè ki te rive yo eksplike bay tribinal apèl la, baze sèlman sou dokiman ak prèv ki nan dosye a, kisa ki te pase lè zafè a t ap jije devan tribinal ki pi ba a. Pati sa a nan ekspoze a se pou reyalite sèlman, pa agiman.

      Moun k ap fè apèl la pa dwe pale nan ekspoze a sou okenn fè ni sikonstans ki pa nan dosye a, tankou sa ki rive apre tribinal la te fin rann desizyon oubyen opinyon an, ni pale sou dokiman oubyen prèv moun lan te prezante nan tribinal ki pi ba a. Nan nenpòt ekspoze apèl, chak fraz ki gen yon reyalite dwe swiv ak yon sitasyon ki bay nimewo paj nan dosye pou apèl la kote ou ka jwenn oswa soutni reyalite sa. Anjeneral, pati nan apèl ta al gade nan yon paj dosye a nan parantèz oswa kwochè ak yon “R.” ki te swiv pa volim ak nimewo paj la. De fòma komen pou site nimewo volim ak paj dosye yo, pa egzanp: (R. Vol. 1, pp. 1-8; R. Vol. 4, p.815), or [RI.1-8; RIV.815]. Si gen yon transkripsyon jijman nan dosye a ki gen nimewo paj apa, pati k ap fè apèl la ka rele li “T.” ki swiv pa nimewo paj la. Sitasyon nan seksyon deklarasyon zafè ak reyalite nan yon ekspoze ta sanble ak yon bagay tankou sa a:

      This case arises from an automobile accident.  [RI.12-18]. Plaintiff, Mr. Roberts, filed a lawsuit against Defendant, Ms. Wynn, alleging she was negligent in causing the accident and that he was injured as a result. [RI.12-18].  Defendant denied she was negligent or that the accident caused Plaintiff’s alleged injuries.  [RI.34-36; RII.205].

      Zafè sa a soti nan yon aksidan otomobil. [RI.12-18]. Pleyan, Mesye Roberts, depoze yon pwosè kont akize, Madam Wynn, ki pretann li te neglijan nan sa ki lakòz aksidan an e ke li te blese kòm konsekans. [RI.12-18]. Akize a refize ki li te neglijan oswa ke aksidan an lakò blesi pleyan an pretann yo. [RI.34-36; RII.205].
      Nan jijman an, doktè k ap trete Pleyan an, Doktè John, temwaye ke Pleyan te blese kòm yon rezilta aksidan an. [T.235-40, 315-19]. Ekspè akize a, Doktè Smith, temwaye ke Pleyan pa te blese. [T.441-44, 448-52].

      Nan seksyon deklarasyon zafè a ak reyalite yo nan yon ekspoze apèl, pati ki ekri ekspoze a pral diskite sou:

      1. (a)ki kalite ka (sivil, kriminèl, elatriye), ak nati apèl la (pa egzanp yon apèl kont yon jijman final oswa yon lòd nonfinal la, elatriye);
      2. (b)istwa pwosedi zafè a nan tribinal ki pi ba a, tankou ki dokiman, akt pwosedi, oswa mosyon yo te depoze ak ki lè; ki agiman ak pozisyon pati yo soulve devan tribinal ki pi ba a; ak sa ki te pase nan pwosedi pre-jijman ak jijman yo;
      3. (c)prèv yo te prezante devan tribinal ki pi ba a oswa nan odyans lan, sou fòm dokiman ekri oubyen sou fòm temwayaj moun ki te vin esplike sa ki te pase; epi
      4. (d)rezilta jijman an, odyans, oswa lòt pwosedi a.

      Pati k ap fè apèl ki pare ekspoze ki pral remèt kòm ekspoze a dwe mete nan seksyon sa a tout fè ki an rapò dirèk avèk agiman li vle defann lan. Pa egzanp, yon pati k ap fè apèl ki ap diskite sèlman ke tribinal premye enstans la te twonpe li nan retire sèten prèv nan pwosè a pwobableman pa ta bezwen diskite sou reyalite konsènan seleksyon jiri nan ekspoze a. Deklarasyon sou zafè a, ak sou fè ki te rive yo, prezante nan lòd kwonolojik, pou l kapab pi fasil pou tribinal apèl la suiv ak konprann zafè a.

    4. Rezime Agiman an

      Seksyon sa a bay yon apèsi sou agiman yo fè nan ekspoze apèl la. Li enpe tankou yon “kat wout” ki prevwa agiman yo. Nòmalman, rezime a raman pi long pase de paj, men li pa dwe janm pi long pase senk paj. Piske rezime agiman an se jis yon apèsi kout agiman yo, anjeneral li pa bezwen gen sitasyon nan dosye apèl la oswa referans legal yo.

    5. Estanda Revizyon

      Menmsi estanda revizyon an pa oblije nan yon seksyon apa, li dwe enkli nan ekspoze a. Si li pa nan yon seksyon apa a, li dwe enkli nan seksyon agiman an, nan kòmansman chak pwoblèm. Kit se nan yon seksyon apa oswa nan agiman an, estanda revizyon an dwe deklare pou chak pwen sou apèl la. Estanda revizyon an trè kout, anjeneral jis yon fraz oswa de epi byen souvan li pa gen pi long pase yon paragraf. Li di tribinal apèl la si wi ou non pwoblèm ki soulve nan apèl la se yon kesyon de reyalite, lwa, oswa toude. Sa enpòtan paske estanda revizyon an detèmine ki kantite pwa oswa “deferans” tribinal apèl la pral bay, oswa kijan li pral poze kesyon estrik, sou jijman ak desizyon tribinal ki pi ba a.

      Pi gwo valè tribinal apèl yo bay desizyon tribinal ki pi ba yo, se nan konklizyon yo rive jwenn sou sa ki pase (sou fè ki te rive yo). Anjeneral yo revize konstatasyon sa ki te rive pou “prèv sibstansyèl konpetan,” sa vle di yo pral anjeneral konfime si yo kore ak nenpòt prèv konpetan nan dosye a. Desizyon diskresyonè, tankou desizyon sou prèv, yo revize yo pou yon “abi diskresyon,” ki vle di yo pral konfime yo anjeneral sof si desizyon an pa te rezonab anpil.

      Tribinal apèl yo revize pwoblèm legal pi, tankou entèpretasyon yon lwa, ak avèk mwens deferans. Estanda revizyon sa a rele revizyon “de novo”. Dapre estanda sa a, tribinal apèl yo deside pou tèt pa yo kisa lwa a di ak kisa desizyon lwa a dwe ye, san yo pa repoze sou desizyon tribinal premye enstans lan.

    6. Agiman an

      Seksyon agiman an eksplike agiman legal pati a nan apèl la e poukisa desizyon tribinal ki pi ba a dwe swa sètifye oswa anile. Li dekri lwa ki koresponn yo, kijan lwa yo aplike nan bagay ki pase nan zafè a, ak agiman pati a baze sou lwa a jan li aplike nan reyalite yo. Li eksplike rezon legal ki fè lòd la oswa jijman tribinal ki pi ba a te swa kòrèk oswa pa kòrèk, e ki rezilta espesifik, oswa “soulajman,” pati a vle nan apèl la (sètadi, kisa pati a vle tribinal apèl la fè). Pa egzanp yon pati ki fè yon apèl ka mande tribinal apèl la anile jijman final la, epi ranvwaye zafè a bay tribinal ki pi ba a pou l refè jijman an; alòske pati yo fè apèl kont li a kapab mande tribinal apèl la, nan ekspoze repons li pou tribinal apèl la konfimen jijman final la. Pou sipòte agiman an, pati a dwe bay kòm referans kèk egzanp desizyon tribinal, ak dispozisyon, ak lwa ki ede agiman l ap defann lan, lè l di desizyon tribinal ki pi ba a swa te kòrèk oswa pa te kòrèk.

      Agiman an dwe prezante kesyon legal ki byen klè. Seksyon agiman an nan ekspoze a kòmanse ak yon tit pwoblèm pou chak agiman oswa pwen nan apèl la. Nan anpil ka, yon moun k ap fè apèl ta ka sèlman soulve youn oubyen de pwoblèm espesifik. Nan kèk lòt ka, pati k ap fè apèl la ta ka diskite plis pase youn oubyen de pwoblèm, si li kwè tribinal ki pi ba a te fè plis erè. Chak pwoblèm pati k ap fè apèl la soulve dwe gen yon baz rezonab nan reyalite yo ak nan lwa a. Pozisyon moun k ap fè apèl la ap soutni a dwe esplike yon jan ki klè, san li pa twò long. Si moun lan ap prezante plis pase yon pwen, li dwe kòmanse avèk sa ki pi fò a. Anba chak tit pwoblèm, moun k ap fè apèl la dekri lwa zafè a, lòd, ak règleman ki abòde pwoblèm nan pou seksyon sa.

      Agiman ekspoze repons moun yo fè apèl kont li a reponn pwoblèm agiman ki soulve nan ekspoze inisyal la. Li souvan gen menm tit pwoblèm oswa tit ki sanble ak ekspoze inisyal la, pou ede tribinal apèl la konnen kiyès nan agiman ekspoze inisyal la ekspoze repons moun yo fè apèl kont li ap reponn. Tankou ekspoze inisyal la, ekspoze repons moun yo fè apèl kont li a dwe eksplike kijan lwa a aplike nan reyalite yo epi prezante agiman li pou soutni sa li vle nan apèl la (anjeneral afimasyon). Agiman ekspoze repons lan dwe gen ladan tou sitasyon referans legal, ka, ak regleman moun yo fè apèl kont li a kwè ki anfavè pozisyon li ak agiman li nan apèl la.

    7. Konklizyon.

      Nan konklizyon an, pati a di tribinal la ki rezilta oswa soulajman li vle nan apèl la (sètadi, kisa pati a ap mande tribinal apèl la fè nan zafè a). Li anjeneral yon fraz oswa de sèlman nan longè, epi li pa dwe pi long pase yon paj. Pa egzanp, konklizyon nan ekspoze apèl nan yon apèl kont yon jijman ki te pran apre yon jijman ta ka tankou sa a:

    8. Sètifika Livrezon

      Ekspoze a dwe gen ladan yon sètifika livrezon, kote pati ki depoze ekspoze a nan tribinal la afime ke li te voye, oswa “remèt,” yon kopi ekspoze a bay pati opoze a (oswa avoka li si li gen youn) nan yon dat espesifik epi deklare metòd livrezon an, tankou pa lapòs, livrezon, oswa sèvis pa imèl (si yo swiv pwosedi pou e-sèvis). Moun k ap fè apèl la dwe siyen ekspoze a, epi li dwe mete yon blòk siyati ki genyen non, adrès, ak nimewo telefòn li. Pa egzanp, sètifikasyon livrezon an kapab ekri konsa:

      Click here to download the contents of this form.

      Li enpòtan pou pleyan “pro se” yo sonje ke, anjeneral, yon pati dwe pou ni depoze ekspoze a nan tribinal la, ni remèt yon kopi bay pati opoze a. Anjeneral yo pèmèt Pati Pro se yo remèt dokiman pa imèl si yo konfòme yo avèk sèten kondisyon, ki tabli an detay nan Règ Administrasyon Jidisyè Florid 2.516. Anplis, pifò tribinal yo kounye a pèmèt (men yo pa egzije) depo elektronik nan men pati “pro se” yo. Gade Règ Administrasyon Jidisyè Florid 2.525(c)-(d).

      Egzijans pou depo elektronik lan, menm lè li disponib, souvan varye nan plizyè tribinal. Nòmalman, pati “pro se” yo ki enterese nan depo elektronik lan dwe konsilte sit entènèt oubyen biwo grefye tribinal patikilye an pou konnen si yo pèmèt depo elektronik e si sa posib, egzijans depo elektronik ak sèvis apati imèl la. Gade tou Règ Administrasyon Jidisyè 2.516 ak 2.525(c)-(d). Sòf si depo ak sèvis elektwonik pa imèl disponib, yo dwe depoze yon ekspoze pa lapòs oswa livrezon nan tribinal la, remèt pa lapòs oswa livrezon bay pati opoze a.

    9. Sètifikasyon Konfòmite pou Karaktè Tipografik.

      Dapre Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210(a)(2), karaktè tipografik ki remèt nan ekspoze a dwe oubyen Times New Roman 14 pwen oubyen Courier New 12 pwen. Nan sètifika konfòmite a, pati ki fè apèl la deklare kalite ak gwosè karaktè yo itilize nan ekspoze a konfòm ak Règ sa a epi siyen anba deklarasyon an. Yon sètifikasyon konfòmite kapab ekri konsa:

      Click here to download the contents of this form.

  4. Ekspoze Refitasyon an

    Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid pa mande pou moun ki fè apèl la depoze yon ekspoze repons, men yon pati k ap fè apèl souvan dwe depoze yon ekspoze refitasyon pou reponn agiman yo ki nan ekspoze repons lan. Ekspoze refitasyon pati k ap fè apèl la, si genyen, dwe la nan 20 jou apre ekspoze repons lan epi reponn agiman ekspoze repons lan. Ekspoze refitasyon an pa kapab pi long pase 15 paj, san konte paj ki nesesè pou tabdèmatyè, tab sitasyon, Sètifika Livrezon, Sètifika Konfòmite Karaktè ak blòk siyati pou otè ekspoze a.

    Ekspoze refitasyon an anjeneral gen ladan seksyon ki annapre yo:

    1. Tabdèmatyè
    2. Tab Referans
    3. Agiman Repons
    4. Konklizyon
    5. Sètifika Livrezon
    6. Sètifikasyon Konfòmite pou Karaktè Tipografik yo

    Ekspoze refitasyon an pa soulve nouvo agiman. Pwoblèm ki pa te soulve anpremye nan ekspoze inisyal la anile anjeneral. Men, si gen agiman nouvo oswa diferan ki soulve nan ekspoze repons lan, ekspoze refitasyon an ka reponn agiman sa yo. Sa ki enpòtan sèke ekspoze refitasyon an reponn agiman ekspoze repons lan. Li pa jis repete ekspoze inisyal la, ni li soulve nouvo agiman ki pa te nan swa ekspoze inisyal la oswa ekspoze repons lan. Malgre pati k ap fè apèl la diskite nan ekspoze refitasyon an ke agiman ekspoze repons moun yo fè apèl kont li a pa kòrèk, pati k ap fè apèl la, tankou moun yo fè apèl kont li a, dwe fè sa avèk respè epi san bay non oswa joure.

    Telechaje Chapit 5 PDF la isit la.


CHAPIT 5

⇐ CHAPIT ANVAN  |  PWOCHEN CHAPIT ⇒