CHAPIT 1

⇐ CHAPIT ANVAN  |   PWOCHEN CHAPIT ⇒


  1. Enpòtans pou w Pale ak yon Avoka ki Espesyalize nan Apèl

    Yon moun ki vle fè yon apèl (n ap rele l moun “k ap fè apèl” la) oubyen ki bezwen defann pozisyon l nan yon apèl (n ap rele l moun “yo fè apèl kont li” a) ap pwoteje tèt li pi byen si l pale ak yon avoka (n ap rele l “avozafè apèl”) ki konnen byen epi ki travay ak lwa nan apèl yo. Si l pa ka jwenn yon avoka apèl, li dwe gade sa ki nan Gid sa a tousuit apre tribinal la bay yon desizyon ki kapab mennen nan yon pwosedi apèl.

  2. Règ sou Jijman Final la epi Poukisa li Enpòtan

    Yon jijman oubyen lòdfinal” se yon lòd ekri yon tribinal premye enstans bay (oubyen “yon tribinal ki pi ba”) pou mete fen nan yon dosye e ki pa kite lòt bagay pou fè apa suiv sa jijman final la di a oubyen egzije pou pati yo fè. Epi nan yon lide ki kontrè, yon lòd ki “pa final” pa mete yon fen nan dosye a e yo paka rele l nan apèl menm kote a. Pa egzanp, si tribinal jijman an pase lòd kont yon pati sou yon pwoblèm oubyen yon mosyon anvan jijman oubyen nan yon jijman, pati a nòmalman dwe ret tann epi souvan li pa ka fè apèl jouk jijman an fini e tribinal la pran yon jijman final. Apresa, pati a nòmalman gen dwa pou li fè yon apèl pou li konteste jijman final la epi, nan apèl kont jijman final la, pati a ka anjeneral konteste tou nenpòt desizyon oubyen lòd ki pa final ki pase anvan jijman final la. Kidonk, ak kèk eksepsyon, apèl yo ka fèt anjeneral kont yon jijman final sèlman. Se sa ki rele “règ sou jijman final” la. Nou pale sou jijman final yo la a, menm jan ak nan Chapit 8 lan sou Pwosedi Apèl ki Konsène Apèl Final yo. Lòt Chapit Gid sa a kouvri kèk nan eksepsyon nan règ sou jijman final la tankou Chapit 9 sou Apèl kont Lòd ki Pa Final yo ak Chapit 10 sou Òdonans Estrawòdinè.

    Règ sou jijman final la trè enpòtan pou moun ki fè apèl la paske yon apèl gen dat limit ak delè ki dwe respekte. Pa egzanp, gen yon limit tan pou depoze yon apèl epi pati ki pa rive depoze apèl la nan limit tan sa a ka pèdi oubyen “renonse” ak dwa li pou li fè apèl. Kidonk, youn nan rezon enpòtan pou konsilte oubyen pran yon avoka apèl, si youn disponib, se pou jwenn si sa posib pou fè apèl kont yon lòd espesyal epi, si sa posib, gade si apèl la depoze nan bon fason an.

  3. Pwosedi Jeneral yo pou yon Apèl

    Yon apèl kòmanse ak depo yon “avi pou apèl” nan delè Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo egzije a. Si yon moun pa respekte limitasyon tan sa a, sa zafè anpeche l fè apèl. Si tan limit pou fè apèl la pase, sa vle di moun lan “renonse dwa l pou fè yon apèl”. Nan Florid, limit tan pou depoze yon avi pou apèl kont yon lòd final oubyen yon jijman anjeneral kòmanse konte lè yon tribinal ki pi ba bay oubyen “rann” jijman final la oubyen lòd la (“konklizyon”). Moun k ap fè apèl la gen 30 jou pou depoze yon avi pou apèl apre dat “konklizyon” an. Gade Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.110(a)&(b); (dosye lwa administratif sivil ak final yo); Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.140(b)(3) (dosye kriminèl yo); gade tou Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.020 (definisyon yo); Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.030 (jiridiksyon tribinal yo).

    Limit tan pou depoze yon avi pou apèl se yon limit tan pou “jiridiksyon”. Sa vle di si yon avi pou apèl pa depoze nan limit tan, tribinal apèl la anjeneral p ap gen pouvwa oubyen “jiridiksyon” pou tande apèl la epi apèl la ap anile. Res delè yo tankou limit tan pou depoze ekspoze yo, enpòtan anpil tou, epi yo dwe respekte, men anpil nan yo pa lye ak “jiridiksyon an.” Sa vle di tribinal apèl la toujou gen pouvwa pou tande apèl la, men li ka deside pou anile l si yon pati pa rive suiv règ ak pwosedi yo pou apèl la.

    Apre depo yon avi pou apèl, moun k ap fè apèl la gen 10 jou pou l depoze sa yo rele “direktiv pou grefye a” ak “deziyasyon pou rapòtè tribinal la.” Gade Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.200(a)-(b). Direktiv pou grefye a, se direktiv ki di grefye tribinal ki pi ba a kisa moun k ap fè apèl la vle mete nan dosye pou apèl la. Nan Chapit 3 Gid sa a, gen eksplikasyon an detay sou jan pou rasanble yon dosye pou apèl.

    Pati ki opoze ak apèl la, “pati yo fè apèl kont li a “anjeneral gen 10 jou apati depo avi pou apèl la pou depoze yon “kont-apèl.” Yo depoze yon kont-apèl si pati yo fè apèl kont li a kwè tribinal ki pi ba a te fè yon erè lè l pa te bay pati yo fè apèl kont li a èd li te vle a. Gade Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.110(g) (dosye lwa administratif final ak sivil), ak Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.140(b)(4) a (pou dosye kriminèl). Lè gen yon kont-apèl ki depoze, yo rele pati yo “pati ki fè apèl/pati yo fè apèl kont li a” ak “pati yo fè apèl kont li a/pati ki fè kont- apèl la”.

    Li enpòtan pou konprann diferans ant yon avi pou apèl ak yon avi pou yon kont-apèl. Yo depoze yon avi pou kont-apèl sèlman kote pati yo fè apèl kont li an kwè yon tribinal ki pi ba te fè yon erè lè li pa ba l tout èd li te bezwen nan jijman final espesyal oubyen lòd final li depoze apèl kont li an. Men si pati yo fè apèl kont li a kwè genyen yon lòd final oubyen yon jijman final separe nan menm dosye ki te gen erè a oubyen ki pa t ba l tout èd li te bezwen an, alò pati sa a dwe depoze pwòp avi pou apèl li kont lòd sa a e non pa yon avi pou kont-apèl. Epitou, ankò, nenpòt pati dwe depoze notifikasyon pou apèl la anvan 30 jou pase, apre dat jijman final oswa desizyon final la.

    Depi yo fin depoze notifikasyon pou apèl la, grefye tribinal ki pi ba a ap pare dosye pou apèl la epi voye l nan tribinal apèl la. Senkant jou apre yo depoze yon notifikasyon pou apèl, tribinal ki pi ba a ap voye bay pati ki nan apèl yo (pati ki fè apèl la, ak pati yo fè apèl kont li a) yon “endèks dosye” pou apèl la. Endèks dosye pou apèl la, se yon lis ki gen tout sa ki nan dosye tribinal ki pi ba a, avèk nimewo paj yo; grefye tribinal ki pi ba a pral voye endèks sa a bay tribinal apèl la. Dosye ki nan apèl la, nou diskite sou sa ak plis detay nan Chapit 3, fèt ak dokiman—tankou akt pwosedi yo, mosyon anvan jijman yo, lòd yo, dekouvèt ak prèv yo (“ekspozisyon yo”)—ki depoze yo e yo fè pati “dosye” ki nan tribinal ki pi ba a. Anjeneral gen transkripsyon odyans jij nan tribinal ki pi ba a kenbe epi transkripsyon nenpòt ki jijman, si yo te “tranksri” odyans lan oubyen jijman an (yon rapòtè tribinal lan tape), epi si youn nan pati yo te depoze transkripsyon sa yo ak tribinal ki pi ba a. Gade Règ Eta pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.200.

    Genyen tou limit tan pou depoze ekspoze pou apèl yo. Ekspoze pou apèl yo, se agiman ekri pati ki fè apèl la ak pati yo fè apèl kont li a prezante bay tribinal apèl la. Agiman nan yon ekspoze pou apèl dwe rete sèlman nan limit sa ki nan dosye apèl la. Anjeneral, moun k ap fè apèl la dwe depoze ekspoze inisyal li anvan 70 jou apre li fin depoze yon avi pou apèl. Gade Règ Eta Florid la pou Pwosedi Apèl yo 9.110(f). Ekspoze repons pati yo fè apèl kont li dwe fèt pou pi plis 20 jou apre ekspoze inisyal la e ekspoze repons pati ki fè apèl la dwe fèt pou pi plis 20 jou apre ekspoze repons lan. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210(f). Si pati ki fè apèl la bezwen plis tan pou li depoze yon ekspoze, li dwe anjeneral depoze yon mosyon pou jwenn plis tan nan men tribinal apèl la (anjeneral pou 30 oubyen 60 jou), depi mosyon pou ekstansyon an depoze anvan delè pou ekspoze a rive. Anvan depo yon mosyon pou yon ekstansyon, anjeneral yo egzije pati ki fè apèl la pou li kontakte pati opoze a pou mande l si l dakò oubyen genyen yon objeksyon ak mosyon pou mande ekstansyon an. Mosyon pou ekstansyon an dwe, anplis li mande yon ekstansyon, di tou si pati opoze a genyen yon objeksyon kont oubyen dakò ak mosyon an. Menm pwosedi jeneral la pou chache ekstansyon yo dwe aplike ak ekspoze repons lan epi ekspoze refitasyon an.

    Yo depoze ekspoze apèl yo devan tribinal apèl la anvan agiman oral la. Yon agiman oral, se tankou yon odyans ofisyèl devan yon jij. Diferans prensipal yo se yon “panèl” twa jij ki anjeneral tande agiman oral apèl yo epi yo limite agiman yo ak sa ki nan ekspoze apèl yo epi ki jwenn sipò dosye apèl la—pa gen nouvo prèv oubyen nouvo agiman ki kapab fèt. Pati ki ap chache prezante agiman oral la dwe depoze yon “demann pou agiman oral” nan yon dokiman separe, anjeneral pa plis pase 10 jou apre dat ekspoze repons lan rive. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.320. Apre pati yo fin depoze ekspoze yo epi si te gen yon demann agiman oral ki te fèt, tribinal apèl la pral deside si pou li bay agiman oral la. Tribinal apèl yo pa toujou satisfè demann agiman oral la. Si yo pa satisfè agiman oral la, yo pral deside sou dosye a dapre agiman ki nan ekspoze apèl yo san yo pa kenbe yon agiman oral. Si tribinal apèl la satisfè demann pou agiman oral la, tribinal apèl la pral voye yon lòd oubyen yon avi pou agiman oral ki pral bay dat ak lè agiman oral la ak konbyen minit chak pati ap genyen pou defann ka yo an.

    Li enpòtan pou ou sonje tribinal apèl yo pa pran nouvo prèv oubyen konsidere nouvo agiman. Yon apèl baze sou sa ki te pase nan tribinal ki pi ba a. Tribinal apèl yo deside si jij la te fè fot oubyen “erè” anba a tankou admèt oubyen retire prèv. Tribinal apèl yo pa konsidere tou agiman ki pa te fèt devan tribinal ki pi ba a. Si yon agiman oubyen yon objeksyon pa te fèt devan tribinal ki pi ba a (nan yon moman kote tribinal ki pi ba te kapab “repare” rezon objeksyon an), tribinal apèl la anjeneral p ap ka konsidere agiman an pou premye fwa nan apèl, amwenske erè an “esansyèl”, sa vle di nòmalman li te dwe detwi ekite tout zafè a nèt.

    Pati ki gen konfli yo dwe konprann tou gen anpil chanjman ki te fèt nan tribinal apèl ak règ yo pandan ane ki pase yo nan Eta Florid. Chanjman sa yo gen ladan yo yon limit 50 paj yo pèmèt moun ki fè apèl la prezante nan ekspoze inisyal pou apèl li an; yo pèmèt pati yo fè apèl kont li a prezante 50 paj nan ekspoze repons li an; epi moun ki fè apèl la kapab prezante 15 paj nan ekspoze refitasyon l lan. Gade Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid 9.210. Anjeneral, tribinal apèl yo p ap aksepte resevwa ekspoze ki gen plis paj pase limit sa yo. Ou kapab fè yon demann pou yon ogmantasyon limit paj yo men li ra pou yo aksepte l. Tan yo bay pou prezante nenpòt ki agiman oral vrèman limite. Pifò nan tribinal apèl yo bay sèlman yon kantite minit ki fiks pou agiman oral yo, ki se nòmalman 10-20 minit pou chak pati. Nan yon agiman oral, pati yo oblije prezante agiman an nan tan tribinal la pèmèt la.

    Konsiderasyon yon tribinal apèl sou pwoblèm ak agiman yo soulve nan yon apèl ap jwenn ankadreman sa yo rele “estanda pou revizyon.” Estanda revizyon an tabli kantite valè oubyen respè tribinal apèl la pral bay, oubyen ak ki severite li pral kesyone, desizyon tribinal ki pi ba a. Plis li gen valè plis l ap difisil pou tribinal apèl la twouve desizyon tribinal ki pi ba a te yon erè. Tribinal apèl yo bay gwo respè ak prèv tribinal ki pi ba a te jwenn yo (sou fè ki te rive yo). Se paske se jij ki fè pwosè a oubyen jiri a – men pa tribinal apèl la – ki te gen yon chans pou yo byen gade ak ekspozee temwen yo epi pou deside, la menm, si temwen yo sanble yo di verite. Tribinal apèl la pa pral fasil pou kwè tribinal ki pi ba a te komèt erè sou fè li kwè ki rive yo, sòf si tribinal apèl la wè pa gen “prèv konpetan ak sibstansyèl” oubyen si l wè gen yon “erè klè” ki komèt.

    Tribinal apèl la mete anpil valè tou sou jijman tribinal ki pi ba a pote sou kesyon an rapò avèk lalwa epi avèk fè ki te rive yo, tankou desizyon sou sa tribinal ki pi ba a asepte oubyen refize pèmèt prezante kòm prèv pandan pwosè a. Pou tip zafè sa yo, yon tribinal ki pi ba gen diskresyon epi tribinal apèl yo anjeneral p ap twouve desizyon sa yo gen erè amwenske gen yon “abi diskresyon,” ki vle di pa gen okenn jij ki responsab ki t ap pran menm desizyon sa a anba lalwa ak fè sa yo.

    Finalman, tribinal apèl la mete pi piti valè a sou desizyon tribinal ki pi ba a pran sou kesyon ki legal sèlman. Estanda revizyon sa a rele revizyon “de novo.” Dapre estanda revizyon “de novo” a, tribinal apèl la gade sa lwa a di, epi li deside poukont li si desizyon tribinal ki pi ba a kadre avèk sa lwa a di. Rezon ki fè yo bay ti kras respè sa a lè yo ap revize yon pwoblèm ki esansyèlman legal se paske tribinal apèl yo nan yon bon pozisyon pou deside lalwa a menm jan ak tribinal ki pi ba yo.

  4. Konklizyon

    Akoz egzijans konplike ak pwosedi konplike yo pou yon apèl, li enpòtan pou pati ki fè apèl la byen konsidere si pou l avanse ak apèl la san li pa bezwen èd yon avoka apèl. Lè yon pati pran yon avoka kalifye ki gen eksperyans nan apèl, epi ki konprann lwa ak règ pwosedi yo, yon pati kapab ogmante chans li pou genyen epi ekonomize lajan pi devan. Si pati k ap fè apèl la pa kapab jwenn yon avoka ki gen eksperyans nan apèl, li dwe li Gid sa a annantye, ansanm ak lòt liv sou apèl, menm kote li resevwa lòd li vle fè apèl kont li a. Konsa, pati k ap fè apèl la pral genyen enfòmasyon enpòtan pou l kapab deside si l ka fè apèl la vre, si l dwe fè apèl la tousuit, epi si se konsa, kilè li dwe antre ann aksyon ak pwosedi pou li fè sa.

    Finalman, nou dwe sonje lwa ak règ pwosedi yo chanje souvan. Yon moun ki reprezante tèt li oubyen yon pati “pro se” ki nan konfli responsab pou li suiv lwa ak règ pwosedi aktyèl yo. Kidonk, yon pati “pro se” ki nan konfli dwe revize lwa ak règ pwosedi ki pi aktyèl yo anplis Gid sa a, paske sa ka rive kèk lwa oubyen kèk règ ka chanje. Jis yon egzanp, règ nan domèn distribiye (voye) dokiman yo bay lòt pati yo nan imèl epi depoze dokiman yo elektronikman nan tribinal lan toujou ap devlope epi chanje, espesyalman pou pati “pro se” ki nan konfli yo. Kounye a, sèvis apati imèl lan disponib pou pati “pro se” yo si yo suiv kèk pwosedi ak egzijans. Gade Règ Administrasyon Jidisyè nan Florid 2.514(b) ak 2.516(b). Anplis, pifò tribinal yo kounye a pèmèt (men yo pa egzije) depo elektronik nan men pati “pro se” yo. Gade Règ Administrasyon Jidisyè Florid 2.525(c)-(d). Egzijans pou depo elektronik lan, menm lè li disponib, souvan varye nan plizyè tribinal. Nòmalman, pati “pro se” yo ki enterese nan depo elektronik lan dwe konsilte sit entènèt oubyen biwo grefye tribinal patikilye an pou konnen si yo pèmèt depo elektronik e si sa posib, egzijans depo elektronik ak sèvis apati imèl la. Gade tou Règ Administrasyon Jidisyè 2.516 ak 2.525(c)-(d).

    Sof si sèvis imèl oubyen depo elektronik lan posib, sèvis oubyen depo yon dokiman anjeneral dwe fèt apati imèl oubyen livrezon pèsonèl (bay lòt pati a pou sèvis ak bay tribinal lan pou depo). Kidonk, anplis konsiltasyon vèsyon ki pi ajou an nan règleman pwosedi yo (ki disponib sou sit entènèt Bawo Florid la a nan http://www.floridabar.org/tfb/TFBLegalRes.nsf/) ak lòt lwa yo, yon pati “pro se” ki nan konfli dwe konsilte sit entènèt la tou oswa biwo grefye a nan tribinal espesifik la pou chèche konnen si yo pèmèt depo elektwonik nan tribinal la ak/oswa sèvis dokiman yo ba lòt pati yo pa imèl, epi pou chèche konnen si tribinal la ka gen kondisyon espesifik anplis nan tribinal sa.

Telechaje Chapit 1 PDF la isit la.


CHAPIT 1

⇐ CHAPIT ANVAN  |   PWOCHEN CHAPIT ⇒